O adultério
O adultério é pecado grave que destrói alianças, famílias e vidas. A Bíblia condena firmemente a infidelidade conjugal e chama à pureza, fidelidade e santidade no casamento.
A lei de Deus
Não adulterarás. Quem comete adultério destrói a própria alma. A Palavra de Deus é clara e direta sobre este pecado.
Ou pa pou fè adiltè.
"‘Si yon mesye fè adiltè avèk madanm a yon lòt, menm sila ki fè adiltè avèk madanm zanmi li an, adiltè la avèk fanm adiltè la va vrèman vin mete a lanmò.
"‘Nou pa pou fè zak seksyèl avèk madanm vwazen nou pou nou ta vin konwonpi ansanm avèk li.
Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès;
nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.
Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès;
nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.
L ap twouve blesi ak gwo wont,
e repwòch li p ap efase menm.
Paske jalouzi fè laraj nan yon nonm;
li p ap fè gras nan jou vanjans lan.
Li p ap dakò dedonmaje ak ranson,
ni li p ap satisfè malgre ou fè li anpil kado.
Èske yon nonm kab mete dife poze antre janm li yo
pou rad li pa brile?
Oswa èske yon nonm kab mache sou chabon limen,
san ke pye l pa brile?
Se konsa li ye ak yon nonm ki
antre nan madanm vwazen li.
Nenpòt moun ki manyen l p ap sòti san pinisyon.
Jesus ensina
Quem olhar para uma mulher com intenção impura já adulterou no coração. Jesus elevou o padrão da pureza.
"Nou konn tande ke yo te di: ‘Nou pa pou fè adiltè’; men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.
Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, fè l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse fè adiltè.
"Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay.
E Li te di yo: "Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fanm, fè adiltè kont li. E si fanm nan divòse ak mari li e marye avèk yon lòt, li menm tou fè adiltè."
"Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fè adiltè; e sila a ki marye a youn ki divòse ak yon mari, fè adiltè.
Yo te di Li: "Mèt, fanm sa te kenbe nan adiltè, nan zak la menm. Epi nan Lalwa Moïse la, li te kòmande nou pou nou te lapide yon fanm konsa ak wòch. Kisa ou menm di?" Yo t ap di sa pou yo ta kapab sonde l pou yo ta twouve mwayen pou akize Li. Men Jésus te bese, e te ekri atè a avèk dwat Li.
Men lè yo te pèsiste avèk demann sa a, Li te leve dwat epi te reponn yo: "Sila a ki pa gen peche pami nou, kite l se premye moun pou voye yon wòch sou li." Ankò Li te bese e te kòmanse ekri atè a.
Lè yo tande sa, yo te kòmanse kite kote a youn pa youn. Sa te kòmanse avèk pi granmoun pami yo. Konsa, yo te kite Li la pou kont Li avèk fanm nan ki te rete menm kote li te ye a nan mitan lakou a. Jésus te leve, e te di li: "Fanm, kote yo ye? Nanpwen youn ki kondane ou?" Li te di: "Pa youn, Senyè." Jésus te di "Ni Mwen menm, mwen pa kondane ou nonplis. Ale, epi depi koulye a, pa peche ankò."
Armadilhas e consequências
Os lábios da mulher estranha destilam mel, mas o seu fim é amargo. Fuja da imoralidade — o adultério escraviza.
Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo,
e pale li pi dous pase lwil;
men a lafen, li vin anmè pase kou fyèl,
epi file kon yon nepe ki koupe de bò.
Pye li yo desann vè lanmò
e pa li yo kenbe fèm nan chemen Sejou mò yo.
Li pa reflechi sou pa lavi a;
vwa li yo pa stab; li pa rekonèt bagay sa a.
Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo,
e pale li pi dous pase lwil;
men a lafen, li vin anmè pase kou fyèl,
epi file kon yon nepe ki koupe de bò.
Pye li yo desann vè lanmò
e pa li yo kenbe fèm nan chemen Sejou mò yo.
Li pa reflechi sou pa lavi a;
vwa li yo pa stab; li pa rekonèt bagay sa a.
Alò, fis mwen yo, koute mwen,
e pa bliye pawòl a bouch mwen yo.
Kenbe wout ou byen lwen li, e
pa pwoche toupre pòt lakay li.
Oswa ou va bay fòs ou a lòt yo
ak ane ou yo a mechan an.
Kenbe wout ou byen lwen li, e
pa pwoche toupre pòt lakay li.
Oswa ou va bay fòs ou a lòt yo
ak ane ou yo a mechan an.
Konsa, etranje yo va ranpli ak fòs ou,
e byen yo ke ou te ranmase ak swè ou,
va rive lakay a yon etranje.
Epi ou va plenyen nan gòj
lè dènye moman lavi ou rive,
lè chè ou ak kò ou fin manje nèt.
Ou va di: "Ki jan mwen te rayi enstriksyon!
Ak "Ki jan kè m te rayi repwòch!
Mwen pa t koute vwa a sa yo kap enstwi m yo,
ni mwen pa t panche zòrèy mwen vè mèt mwen yo.
Mwen te prèt pou fini nèt nan mitan asanble a ak kongregasyon an."
Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,
kite tete li yo satisfè ou tout tan.
Rete debòde nèt ak lanmou li.
Paske poukisa fis mwen an,
ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè,
e anbrase lestonmak a yon etranje?
paske lakay li mennen a lanmò
e tras a pla pye li yo rive kote mò yo.
Pèsòn ki ale kote li menm, pa retounen ankò,
ni yo pa jwenn pa lavi.
Bouch a fanm adiltè a se yon fòs byen fon;
sila ke SENYÈ a modi va tonbe ladann.
Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l.
Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito.
Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.
Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,pa fè imoralite seksyèl, ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo;
Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.
Mwen te ba li tan pou repanti, e li pa vle repanti de imoralite li yo.
"Gade byen, Mwen va jete li sou yon kabann plen maladi, e sila ki fè adiltè yo avèk li nan gran tribilasyon an, amwenske yo repanti de zèv li yo.