Agradecimento a Deus
Reconhecer que tudo vem de Deus muda a forma como você enxerga o seu dia. A gratidão sincera nasce quando você compreende o cuidado diário do Criador, mesmo nas coisas mais simples da vida.
As Escrituras mostram que agradecer não depende de circunstâncias fáceis, mas da confiança em quem Deus é. Quando você cultiva um coração grato, a ansiedade perde espaço e a paz de Cristo enche a sua mente.
Agradecer a Deus é louvor, adoração e reconhecimento da sua soberania. Dai graças ao Senhor porque Ele é bom — a sua misericórdia dura para sempre!
Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,
Annou rele fò a Li menm avèk sòm.
Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,
e nan lakou Li yo avèk lwanj.
Ba Li remèsiman!
Beni non Li!
Louwe SENYÈ la!
O bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon,
paske lanmou dous Li an se pou tout tan.
Ou se Bondye mwen e mwen va bay Ou remèsiman;
Ou se Bondye mwen e mwen va leve Ou wo.
Chante a SENYÈ a ak remèsiman.
Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,
Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo,
epi leve Li wo avèk remèsiman.
SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.
Kè m mete konfyans nan Li, e mwen
jwenn sekou.
Pou sa, kè m leve wo nèt.
Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.
Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a.
Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye.
Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou.
Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo. San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv lanmou nou yo; jan nou te kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou.
Mwen remèsye Bondye mwen an tout tan, o sijè de nou menm, pou lagras Bondye te bannou nan Jésus Kri a.
Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.
Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote.
Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye.
Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, avèk sumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.
Li te pran senk pen yo avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni manje a. Li te kase pen yo, e Li te kontinye bay disip yo pou mete devan yo. Li te divize bay nan de pwason yo pami yo tout.
Yo tout te manje, e yo te satisfè. Yo te ranmase douz panyen byen plen avèk moso kase yo; e anplis, pwason.
Este artigo te tocou? Faça uma oração!
+581 estão orando agora.
Junte-se à corrente de oração.