Agradecimento pela família
Agradecer pela família é reconhecer a bênção mais preciosa que Deus nos concede. Os filhos são herança do Senhor — cada membro da família é presente divino a ser celebrado.
Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.
Fwi a vant la se yon rekonpans.
Tankou flèch nan men a yon gèrye,
Se konsa pitit a jèn yo ye.
A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.
Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.
Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!
Beni SENYÈ a, O nanm mwen,
e pa janm bliye benefis Li yo,
Nou p ap kache yo a pitit nou yo,
men nou va pale a jenerasyon k ap vini yo, tout lwanj SENYÈ a,
fòs Li ak gran mèvèy ke Li te konn fè yo.
Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,
e glwa a fis yo se papa yo.
Se pou gason sila a ke m te priye a, e SENYÈ a te ban mwen demand ke m te fè Li a.
Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou.
Paske ki remèsiman nou kapab bay Bondye anretou pou tout jwa ki fè nou rejwi devan Bondye akoz ou menm?
Bay a SENYÈ a,
O tout fanmi yo ak tout pèp yo,
bay a SENYÈ a glwa avèk fòs!
Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.
Paske nan plenitid Li, nou tout te resevwa gras sou gras.
Alò fanm yo te di a Naomi: "Beni se SENYÈ a ki pa t kite ou san redanmtè jodi a. Ke non li kapab vin rekonèt toupatou an Israël! Anplis ke li kapab devni pou ou yon redanmtè lavi ak yon soutyen pou vyeyès ou. Anplis, pou bèlfi ou, ki renmen ou e ki pran swen ou pi byen pase sèt fis ki te bay li nesans.
Se vivan, vivan yo ki bay Ou remèsiman,
tankou mwen menm, mwen fè jodi a.
Yon papa va pale ak fis li yo selon fidelite Ou.