Aliança
A aliança é o modo como Deus se relaciona com seu povo. Da aliança com Noé à Nova Aliança em Cristo, Deus se compromete com amor e fidelidade irrevogáveis.
Alianças com Israel
Deus firmou aliança com Abraão, Moisés e Davi. No arco-íris, na lei, nas promessas — Ele é o Deus da aliança.
Alò, Bondye te pale avèk Noé ak fis li yo avè l. Li te di: "Gade byen, Mwen menm, Mwen vin etabli akò Mwen avèk nou, e avèk desandan aprè nou yo, epi avèk chak kreyati vivan ki avè w: zwazo, bèt kay yo, ak chak bèt ki sou latè avèk nou, tout sa ki sòti nan lach la, menm chak bèt sou tè a.
"Mwen etabli akò Mwen avèk nou: Tout chè p ap janm koupe ankò pa dlo delij, ni p ap gen delij ankò pou detwi tè a."
Bondye te di: "Sa se sign akò ke m ap fè antre Mwen avèk nou, e avèk chak kreyati vivan ki la avèk nou, jis rive pou tout jenerasyon k ap vini yo. Mwen mete lakansyèl Mwen nan nwaj la, epi l ap sèvi kòm yon sign pou akò antre Mwen menm avèk latè a.
"Mwen etabli akò Mwen avèk nou: Tout chè p ap janm koupe ankò pa dlo delij, ni p ap gen delij ankò pou detwi tè a."
Mwen mete lakansyèl Mwen nan nwaj la, epi l ap sèvi kòm yon sign pou akò antre Mwen menm avèk latè a.
Nan jou sa a, SENYÈ a te fè yon akò avèk Abram. Li te di: "A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate, peyi a Kenyen yo, Kenizyen yo, Kadmonyen yo, Itit yo, Ferezyen yo, Rephaïm yo, Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Gigachyen yo, avèk Jebisyen yo."
Abram te tonbe atè sou figi li. Bondye te pale avèk li, e te di: "Pou Mwen, koute byen, akò Mwen avè ou a. Ou va papa a yon gran kantite nasyon. Yo p ap rele ou Abram ankò, men non ou va Abraham, paske Mwen ap fè ou papa a yon gran kantite nasyon.
"M ap fè ou bay anpil fwi, Mwen va fè nasyon yo avè w, e wa yo va soti nan ou menm.
"Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon akò k ap pou tout tan, pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo. "Mwen va ba ou avèk desandan ou yo peyi kote nou vwayaje yo, tout tè Canaan an, kòm yon posesyon k ap pou tout tan, epi Mwen va Bondye pa yo."
Bondye te di anplis a Abraham: "Koulye a pou ou, ou va kenbe akò Mwen an, ou menm avèk desandan apre ou yo pou tout jenerasyon. Sa se akò Mwen, ke nou va kenbe antre Mwen ak nou menm, e desandan apre nou yo: chak mal pami nou va vin sikonsi.
" "Nou va sikonsi nan chè sou avan chè nou, e sa ap sèvi kòm sign akò antre Mwen ak nou.
Nan katòzyèm ane a, Kedorlaomer ak wa ki te avè l yo, te vin bat Rephaïm nan Ashterothkarnaim, Zuzim lan nan Ham, avèk Émim nan Schavé-Kirjathaïm.
Alò, koulye a, si nou obeyi vwa Mwen, e kenbe akò Mwen, alò nou va pwòp posesyon pa M pami tout pèp yo. Paske tout latè se pou Mwen.
"Mwen va etabli bòn nou yo soti nan Lamè Wouj, jis rive nan lanmè Filisten yo, soti savann nan pou rive nan larivyè Lefrat paske Mwen va livre abitan peyi yo nan men nou, e nou va pouse yo ale devan nou.
"Nou pa pou fè okenn akò avèk yo, ni avèk dye pa yo.
Alò, Bondye te di: "Gade byen, Mwen va fè yon akò. Devan tout pèp ou a Mwen va fè mirak ki pa t janm fèt nan tout tè a ni pami okenn nan nasyon yo. Epi tout pèp pami sila nou ap viv yo, va wè zèv a SENYÈ a, paske se yon bagay etonan ke Mwen va fè ak ou a.
Li te la avèk SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit. Li pa t manje pen, ni bwè dlo. Konsa, li te ekri sou tablo yo avèk pawòl akò yo, dis kòmandman yo.
Li te la avèk SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit. Li pa t manje pen, ni bwè dlo. Konsa, li te ekri sou tablo yo avèk pawòl akò yo, dis kòmandman yo.
Konsa, Li te deklare bay nou akò ke Li te kòmande nou pou fè a, sa vle di, Dis Kòmandman yo. Li te ekri yo sou de tab an wòch.
"Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,
Alianças renovadas
O povo renovava a aliança diante do Senhor. A fidelidade de Deus permanece mesmo quando o povo falha.
Pou sa, lè pèp la kite tant pa yo pou travèse Jourdain an avèk prèt k ap pote lach akò a devan pèp la, epi lè sila ki te pote lach la te antre nan Jourdain an, epi depi pye a prèt k ap pote lach la te tanmen fonse bò dlo a; (paske Jourdain an toujou depase rivaj li yo pandan tout sezon rekòlt la), dlo ki t ap kouri desann soti anwo yo te kanpe, e te leve wo fè yon pil, a yon gran distans de la, nan Adam, vil ki akote Tsarthan an; epi dlo sa yo ki t ap kouri desann vè lanmè Araba a, ak Lamè Sale a, te vin koupe nèt. Konsa pèp la te travèse anfas Jéricho.
Prèt yo ki t ap pote lach akò SENYÈ a te kanpe fèm sou tè sèk nan mitan Jourdain an pandan tout Israël t ap travèse sou tè sèk, jiskaske tout nasyon an te fin travèse Jourdain an.
Epi Jehojada te fè yon akò antre SENYÈ a, wa a ak pèp la, pou yo ta devni pèp SENYÈ a, e osi antre pèp la avèk wa a.
Wa a te kanpe akote pilye a pou te fè yon akò devan SENYÈ a, pou mache apre SENYÈ a, pou kenbe kòmandman avèk temwayaj li yo avèk règleman li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou akonpli pawòl akò a ki te ekri nan liv sa a. Epi tout pèp la te antre nan akò a.
Konsa, wa Joram te kite Samarie nan tan sa a pou te rasanble tout Israël. Alò, li te voye kote Josaphat, wa Juda a. Li te di: "Wa Moab la te fè rebèl kont mwen. Èske ou va monte avè m pou goumen kont Moab?"
Li te reponn: "M ap monte. Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo."
Konsa tou Jonathan te fè yon akò avèk lakay David: "Ke SENYÈ a toujou mande menm devwa sa a nan men a lènmi David yo."
Jonathan te fè David fè ve a ankò akoz ke li te renmen li e akoz li te renmen li tankou li te renmen pwòp vi pa li.
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: "Phinées, fis a Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te fè detounen kòlè Mwen vè fis Israël yo, akoz li te jalou avèk jalouzi pa Mwen an pami yo; epi konsa, Mwen pa t detwi fis Israël yo nan jalouzi pa Mwen an.
"Pou sa pale: ‘Gade byen, Mwen bay li akò lapè Mwen. Li va pou li avèk desandan apre li yo, yon akò pozisyon prèt pou tout tan, akoz ke li te jalou pou Bondye li a, e li te fè ekspiyasyon pou fis Israël yo.’"
Alò, lè Moïse te antre nan Tant Asanble a pou pale avèk Li, li te tande vwa la pale avèk li soti anwo twòn pwopiyatwa a ki te sou lach temwayaj la, ki sòti depi nan antre cheriben yo; e Li te pale avèk li.
SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: "Pale avèk fis Israël yo, e pran yon branch bwa pou chak kay fanmi zansèt yo: douz branch bwa ki sòti nan tout chèf yo selon kay fanmi zansèt yo. Nou va ekri non a chak sou branch pa yo. Ekri non a Aaron sou branch Levi a. Konsa, va gen yon sèl branch pou tèt a chak kay fanmi zansèt yo. Epi nou va depoze yo nan tant asanble a devan lach temwayaj la, kote Mwen rankontre nou an.
"Li va vin rive ke branch moun ke Mwen chwazi a, va boujonnen. Konsa, Mwen va fè sispann tout bougonnen fis Israël k ap fèt kont nou menm."
Konsa, Moïse te pale avèk fis Israël yo, e tout chèf yo te bay li yon branch pou chak nan yo; pou chak chèf, selon kay fanmi zansèt yo, douz branch avèk branch Aaron an pami branch yo. Konsa, Moïse te depoze branch yo devan SENYÈ a nan tant asanble a.
Alò, nan jou apre a, Moïse te antre nan tant lan; epi vwala, branch Aaron an pou fanmi zansèt Levi a te boujonnen. E li pa t sèlman boujonnen, men li te pwodwi flè, e osi li te pote zanmann mi. Konsa, Moïse te pote deyò tout branch ki te nan prezans a SENYÈ a vè tout fis Israël yo. Yo te gade, e chak mesye te pran pwòp branch pa l.
Men SENYÈ a te di a Moïse: "Remete branch Aaron a devan lach temwayaj la, pou kenbe kòm yon sign kont rebèl yo, pou ou kapab mete fen a plent kont Mwen yo, pou yo pa mouri."
Konsa, Moïse te fè; jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, konsa li te fè.
Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a ankò. Pou sa, SENYÈ a te ranfòse Églon, wa Moab la, kont Israël, akoz yo te fè mal nan zye SENYÈ a. Li te ranmase a li menm fis a Ammon yo, avèk Amalek. Konsa, li te ale bat Israël pou yo te posede vil pye palmis yo.
Nova Aliança
Eis que dias vêm em que farei nova aliança. Jesus é mediador de uma aliança superior, fundamentada em melhores promessas.
"Gade byen, jou yo ap vini", deklare SENYÈ a: "lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda, pa tankou akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a," deklare SENYÈ a. "Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo", deklare SENYÈ a:
"Mwen va mete lalwa M anndan yo
e sou kè yo Mwen va ekri l;
epi Mwen va Bondye yo,
e yo va pèp Mwen.
"Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li,
e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’
paske yo tout va konnen Mwen,
soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,"
deklare SENYÈ a,
"paske Mwen va padone inikite yo,
e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò."
"Konsa pale SENYÈ a: ‘Si ou ka kraze akò Mwen an pou jounen an, e akò Mwen an pou nwit lan, pou jou sa a ak nwit sa a pa rive nan lè deziye yo, alò, konsa sèlman,akò Mwen an kab kraze avèk David, Sèvitè Mwen an, pou li pa gen yon fis pou renye sou twòn li an e avèk prèt Levit yo, pou ministè pa m yo.
Pou rezon sila a, Li se medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon mò gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la.
Pou rezon sila a, Li se medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon mò gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la.
Men koulye a, Li vin gen yon èv ki pi ekselan, paske Li se osi medyatè a yon pi bon akò, ki te etabli sou pi bon pwomès yo.
Koulye a, ke Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an, ekipe nou nan tout bon zèv, pou fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
Ki te osi fè nou ase fò tankou sèvitè a yon akò tounèf, pa selon lèt la, men selon Lespri a. Paske lèt la touye, men Lespri a bay lavi.
Sa se parabòl senbolik; de fanm sa yo se de akò. Youn te fèt nan Mòn Sinaï k ap pote pitit ki va esklav yo; li menm se Agar. Alò, Agar sa a se Mòn Sinaï an Arabie. Li koresponn a Jérusalem ki la jis koulye a, paske li nan esklavaj avèk pitit li yo. Men Jérusalem ki anwo a lib. Li se manman de nou tout.
Fidelidade da aliança
A aliança de Deus é eterna. Ele não quebra seu pacto nem altera o que saiu dos seus lábios.
Men lanmou dous a SENYÈ a,
soti pou tout tan jis rive pou tout tan
sou sila ki gen lakrent Li yo
e ladwati Li a pitit pitit li yo,
pou sila ki kenbe akò Li yo,
e sonje règleman Li yo pou fè yo.
"Pou Mwen menm, sa se akò mwen avèk yo," di SENYÈ a: "Lespri Mwen ki sou ou a, e pawòl Mwen ke M te mete nan bouch ou yo p ap janm disparèt nan bouch ou, ni bouch a desandan ou yo, ni bouch a desandan pa yo," pale SENYÈ a, "depi koulye a e jis rive pou tout tan."
"‘Mwen va fè yon akò lapè ak yo e retire bèt sovaj sou peyi a pou yo ka viv ansekirite nan dezè a, e dòmi byen nan forè a.
Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj."
Li va fè yon akò ki byen fò avèk anpil moun pandan yon semèn. Men nan mitan semèn nan, li va fè sispann sakrifis ak ofrann sereyal yo. Epi sou zèl abominasyon yo, va vini yon moun ki fè dezolasyon. Men lè l rive nan fen an nèt, ki deja detèmine, lakòlè va vide sou sila ki fè dezolasyon an."
"Epi wa a Sid la va vin fò, ansanm ak youn nan prens li yo ki va vin pi fò ke li, e li va domine li. Dominasyon li an va vrèman gran. Apre kèk ane, yo va fè yon alyans e fi wa a Sid la va vin kote wa Nò a pou antann yo pou yo gen lapè. Men fi a p ap ka kenbe pozisyon pouvwa li a. Ni li menm wa Sid la, li p ap ka kenbe pouvwa pa li a; men fi a va vin livre, ansanm ak sila ki te mennen l antre ak sila ki te devni papa l, menm ak sila ki te bay li soutyen nan lè sa yo.
Men sila ki vini kont li an va fè sa li pito, e nanpwen moun ki ka kanpe devan li. Konsa, li va kanpe nan peyi laglwa a, e nan men li va gen destriksyon. Li va mete fas li pou vini ak pouvwa a tout wayòm li a. Li va mennen avèk li yon pwopozisyon lapè, ke li va etabli. Li va anplis bay li fi a fanm nan pou detwi wayòm nan. Men li p ap kanpe pou li, ni bay li soutyen.
"Mwen te fè yon akò ak zye m;
alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?
Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a,
soti nan men fanm adiltè ki flate ak pawòl li;
ki kite konpanyen jenès li a,
e ki bliye akò a Bondye li;