Publicidade

Alma

Por Bíblia Online

A alma é a parte mais íntima do ser humano — sede da vida, dos afetos e do encontro com Deus. A Bíblia convida a cuidar da alma com zelo e a aquietá-la diante do Senhor.

A alma diante de Deus

Bendize ao Senhor, ó minha alma! A alma suspira por Deus como a corça suspira pelas águas — com sede de eternidade.

Yon Sòm David

Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!

Yon Sòm David, l te nan dezè Juda a.

O Bondye, Ou se Bondye mwen.

Mwen va chache Ou ak tout m.

Nanm mwen swaf pou Ou.

Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.

Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?

Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen?

Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò,

O soutyen mwen an, e Bondye mwen an.

Pou direktè koral la; selon Jeduthun; Yon Sòm David

Nanm mwen ap poze sèl nan Bondye.

Sali m se nan Li.

Mwen tann SENYÈ a.

Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li,

mwen mete espwa m.

Lèv mwen va rele ak jwa mwen chante lwanj a Ou menm

pou nanm mwen ke Ou te rachte a.

Lalwa SENYÈ a pafè

Li rekonfòte nanm.

Temwayaj SENYÈ a vrè,

k ap saj yo senp.

Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

paske mwen fèt yon fason mèvèye.

Zèv Ou yo depase bon konprann

e nanm mwen byen konnen sa.

Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon,

de lang ki plen manti yo.

Cuidar da alma

Que aproveita ao homem ganhar o mundo inteiro e perder a sua alma? Buscar a Deus de toda alma é o caminho da vida.

Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?

Li te reponn li: "Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou.

Epi pa sa ki kapab touye a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni a nan lanfè.

Men soti la, nou va chache SENYÈ a; epi nou va jwenn Li si nou chache Li avèk tout nou e avèk tout nanm nou.

Sèlman, atansyon pou swiv kòmandman an ak lalwa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande nou an, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, epi mache nan tout chemen Li yo, kenbe kòmandman Li yo, kenbe fèm a Li menm, e sèvi Li avèk tout nou e ak tout nanm nou."

Alò, gade, jodi a, mwen ap chemen ki oblije fèt pou tout a. Konsa, nou konnen nan tout nou ak nan tout nanm nou, ke pa menm yon mo nan tout pawòl ke SENYÈ a, Bondye nou an, te pale konsènan nou menm pa t manke akonpli. Tout te vin akonpli pou nou. Pa youn nan yo pa t manke.

Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen nou chache M ak tout nou.

Konsa pale SENYÈ a: "Kanpe akote chemen yo e gade. Mande pou ansyen wout yo, Kote bon chemen an ye?Mache ladann l. Konsa, nou va jwenn repo pou nanm nou." Men yo te di: Nou p ap mache ladann.

Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl;

dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.

Byeneme a, mwen priye nan tout aspè ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bòn sante, menm jan ke nanm ou se an bòn sante.

Seja o primeiro
Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-