Amor incondicional
O amor incondicional de Deus não depende de mérito humano. Ele nos amou quando ainda éramos pecadores. Esse amor não tem limites, não cobra preço e não pode ser perdido.
Amor sem condições
Deus prova o seu amor em que Cristo morreu por nós sendo nós ainda pecadores. O amor de Deus é gratuito e irrevogável.
Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.
Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.
Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a,
Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe?
"Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl.
Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a.
Men lè bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an.
Amor eterno
Com amor eterno te amei. O amor de Deus é mais largo, mais alto e mais profundo do que podemos compreender.
SENYÈ a te parèt a li menm soti lwen epi te di:
"Wi, Mwen te renmen ou ak yon lanmou ki p ap janm fini.
Konsa, Mwen te atire ou ak lanmou dous.
Bay remèsiman a Bondye syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo,
fidelite Ou nan syèl la.
Yon zanmi renmen tout tan;
yon frè fèt pou move tan.
Se konsa lamou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li nan lemonn an pou nou ta kapab viv nan Li.
Nan sa se lamou; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).
Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.
Men konsa nou rekonèt lamou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo.
Amar como Deus ama
O amor é paciente e bondoso. Amai os vossos inimigos. O amor incondicional se expressa no perdão e na compaixão.
Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa.
Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
"Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.
"Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?
Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè."
"Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. Beni sila ki bannou madichon yo. "Priye pou sila ki maltrete nou yo.
Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.