Anjos
Os anjos são seres celestiais criados por Deus para servir, adorar e executar seus propósitos. A Bíblia revela anjos mensageiros, guerreiros e protetores ao longo de toda a história redentora.
Men pandan li t ap anvizaje sa, konsa, yon zanj Bondye te parèt devan li nan yon rèv epi te di l konsa:
"Joseph, fis a David la, ou pa bezwen pè pran Marie kon madanm ou; pwiske sa ki gen tan plase nan vant li an, soti nan Lespri Sen an.
Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: "Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a. Li pa la, paske Li leve, menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a."
Men èske nou panse ke Mwen pa kapab fè apèl a Papa M, e l ap voye ban Mwen plis ke douz lejyon (sa vle di 72,000) zanj?
Konsa zanj lan te di l: "Ou pa bezwen krent, Marie, paske ou gen tan twouve favè ak Bondye. Gade byen, ou va vin ansent. Ou va fè yon fis, e ou va bay li non a Jésus.
Men zanj yo te di yo: "Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la.
"Glwa a Bondye nan pi wo a,
e sou latè a, lapè pami lèzòm
ki fè L kontan yo."
"Menm jan an konsa, Mwen di nou, gen lajwa nan prezans zanj Bondye yo, sou yon sèl pechè ki repanti."
Pandan yo t ap toujou gade byen fikse nan syèl la, pandan Li t ap prale, epi vwala de mesye ak vètman blan te kanpe akote L; E yo menm osi te di: "Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va vini menm jan ke nou wè L ale nan syèl la".
Kite lanmou pou frè yo kontinye.
Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen.
Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone.
San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a:
Sila ki
Te revele nan lachè a,
Te jistifye nan Lespri a
Te wè pa zanj yo,
Te pwoklame pami nasyon yo,
Te resevwa kwayans mond lan,
Te leve wo nan laglwa a.
Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
"Sila ki vin venkè a va abiye konsa, an vètman blan. Mwen p ap janm efase non li nan liv lavi a, e Mwen va konfese non li devan Papa M ak devan zanj Li yo.
Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.