Arca da aliança
A Arca da Aliança era o símbolo mais sagrado de Israel — representava a presença de Deus no meio do seu povo. Sobre ela brilhava a glória do Senhor entre os querubins.
"Yo va konstwi yon lach avèk bwa akasya, de koude edmi nan longè, yon koude edmi nan lajè, ak yon koude edmi nan wotè. Ou va kouvri li avèk lò pi ni anndan, ni deyò. Fè yon kouch lò pou kouvri li nèt, e fè yon woulèt lò pou antoure li. Ou va fonde kat gwo wondèl pou li, e tache yo nan kat pye li yo, epi de wondèl va yon kote, e de wondèl yon lòt kote.
"Ou va fè poto ak bwa akasya e kouvri yo avèk yon kouch lò. Ou va mete poto yo pase anndan wondèl yo sou kote lach la, e pote lach la avèk yo. Poto yo va rete nan wondèl lach yo. Yo p ap retire sou li. Ou va mete nan lach la temwayaj ke Mwen va bay ou a.
"Ou va fè yon chèz pwopyatwa avèk lò pi, de koude edmi nan longè, ak yon koude edmi nan lajè. Ou va fè de cheriben an lò, fè yo tankou yon zèv an lò ki bat avèk zouti nan de bout a chèz pwopyatwa a. Fè yon cheriben nan yon pwent, e youn lòt nan lòt pwent lan. Ou va fè cheriben yo tankou yon sèl pyès avèk chèz pwopyatwa a, nan de pwent li. Cheriben yo va gen zèl yo k ap ouvri pa anlè. Yo va kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, epi figi a youn ap vire vè lòt. Konsa, fas toude cheriben yo ap gade vè chèz pwopyatwa a.
"Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach la, e nan lach la ou va mete temwayaj ke Mwen va bay ou a.
La Mwen va rakontre avèk ou, epi soti anwo chèz pwopyatwa a, nan antre de cheriben yo ki sou lach temwayaj la, Mwen va pale avèk ou selon tout sa ke Mwen va ba ou nan kòmandman pou fis Israël yo.
Alò Betsaléel te fè lach la an bwa akasya. Longè li se te de koude edmi, e lajè li se te yon koude edmi.
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: "Nan premye jou mwa a ou va monte tabènak tant reyinyon an. Ou va plase lach temwayaj la, e ou va kouvri lach la avèk vwal la.
Konsa, li te pran temwayaj la pou fè l antre nan lach la. Li te tache poto yo nan lach la, e li te mete chèz pwopyatwa a sou lach la. Li te mennen lach la nan tabènak la, e li te monte yon vwal pou separe l. Li te separe lach temwayaj la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Alò, lè Moïse te antre nan Tant Asanble a pou pale avèk Li, li te tande vwa la pale avèk li soti anwo twòn pwopiyatwa a ki te sou lach temwayaj la, ki sòti depi nan antre cheriben yo; e Li te pale avèk li.
Konsa yo te pati soti nan mòn SENYÈ a, yon vwayaj twa jou avèk lach temwayaj SENYÈ a ki te vwayaje pandan twa jou devan yo pou chache yon kote pou yo kab poze. Nwaj SENYÈ a te sou yo nan lajounen lè yo te kite kan an.
Epi li te vin rive ke lè lach la te derape ke Moïse te di: "Leve O SENYÈ! Kite sila ki rayi Ou yo Sove ale devan Ou."
Lè l te vin poze li te di: "Retounen, O SENYÈ a vè bokou milye de Israël yo."
SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: "Pale avèk fis Israël yo, e pran yon branch bwa pou chak kay fanmi zansèt yo: douz branch bwa ki sòti nan tout chèf yo selon kay fanmi zansèt yo. Nou va ekri non a chak sou branch pa yo. Ekri non a Aaron sou branch Levi a. Konsa, va gen yon sèl branch pou tèt a chak kay fanmi zansèt yo. Epi nou va depoze yo nan tant asanble a devan lach temwayaj la, kote Mwen rankontre nou an.
"Li va vin rive ke branch moun ke Mwen chwazi a, va boujonnen. Konsa, Mwen va fè sispann tout bougonnen fis Israël k ap fèt kont nou menm."
Konsa, Moïse te pale avèk fis Israël yo, e tout chèf yo te bay li yon branch pou chak nan yo; pou chak chèf, selon kay fanmi zansèt yo, douz branch avèk branch Aaron an pami branch yo. Konsa, Moïse te depoze branch yo devan SENYÈ a nan tant asanble a.
Alò, nan jou apre a, Moïse te antre nan tant lan; epi vwala, branch Aaron an pou fanmi zansèt Levi a te boujonnen. E li pa t sèlman boujonnen, men li te pwodwi flè, e osi li te pote zanmann mi. Konsa, Moïse te pote deyò tout branch ki te nan prezans a SENYÈ a vè tout fis Israël yo. Yo te gade, e chak mesye te pran pwòp branch pa l.
Men SENYÈ a te di a Moïse: "Remete branch Aaron a devan lach temwayaj la, pou kenbe kòm yon sign kont rebèl yo, pou ou kapab mete fen a plent kont Mwen yo, pou yo pa mouri."
Konsa, Moïse te fè; jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, konsa li te fè.
Pou sa, lè pèp la kite tant pa yo pou travèse Jourdain an avèk prèt k ap pote lach akò a devan pèp la, epi lè sila ki te pote lach la te antre nan Jourdain an, epi depi pye a prèt k ap pote lach la te tanmen fonse bò dlo a; (paske Jourdain an toujou depase rivaj li yo pandan tout sezon rekòlt la), dlo ki t ap kouri desann soti anwo yo te kanpe, e te leve wo fè yon pil, a yon gran distans de la, nan Adam, vil ki akote Tsarthan an; epi dlo sa yo ki t ap kouri desann vè lanmè Araba a, ak Lamè Sale a, te vin koupe nèt. Konsa pèp la te travèse anfas Jéricho.
Prèt yo ki t ap pote lach akò SENYÈ a te kanpe fèm sou tè sèk nan mitan Jourdain an pandan tout Israël t ap travèse sou tè sèk, jiskaske tout nasyon an te fin travèse Jourdain an.
Li te vin rive ke lè prèt ki te pote lach SENYÈ yo te kite mitan Jourdain an, e pla pye yo te monte sou tè sèk, dlo Jourdain an te retounen nan plas li e te depase rivaj yo kòm avan an.
Alò, Jéricho te byen sere pa fis Israël yo. Pèsòn pa t sòti ni antre.
SENYÈ a te di a Josué: "Gade, Mwen te livre Jéricho nan men ou, avèk wa li ak gèrye vanyan li yo. Mache antoure vil la avèk tout mesye lagè nou yo pou l tou ansèkle li yon fwa. Ou va fè sa pandan si jou. Anplis, sèt prèt va pote sèt twonpèt fèt ak kòn belye devan lach la.
"Konsa, nan setyèm jou a, nou va mache antoure vil la sèt fwa e prèt yo va soufle twonpèt yo. Li va vin rive ke lè yo fè yon gwo son avèk kòn belye a, lè nou tande son twonpèt la, tout pèp la va rele fò avèk yon gwo bri; epi miray vil la va tonbe plat e pèp la va monte, chak moun tou dwat."
Konsa, Josué, fis la a Nun nan, te rele prèt yo. Li te di yo: "Pran lach akò a, e kite sèt prèt yo pote sèt twonpèt yo fèt avèk kòn belye yo devan lach SENYÈ a." Yo te di a pèp la: "Ale devan, mache antoure vil la e kite mesye ak zam yo ale devan lach SENYÈ a."
Alò, pèp la te rele fò, prèt yo te soufle twonpèt yo. Lè pèp la te tande son twonpèt la, yo te rele fò avèk yon gwo kri, epi miray la te tonbe plat. Epi konsa, pèp la te antre nan vil la, tout mesye toudwat pou yo te pran vil la.
Filisten yo te parèt nan ranje batay yo pou rankontre Israël. Lè batay la te gaye, Israël te vin bat devan Filisten yo ki te touye anviwon kat-mil òm sou chan batay la. Lè pèp la te antre nan kan an, ansyen a Israël yo te di: "Poukisa SENYÈ a bat nou konsa jodi a devan Filisten yo? Annou pran pou nou menm lach akò a pou l soti Silo. Konsa, li kapab vini pami nou e livre nou sòti anba pouvwa lènmi nou yo."
Epi pèp la te voye Silo e soti la, yo te pote lach akò SENYÈ dèzame a, ki chita anwo cheriben yo. Epi de fis a Éli yo: Hophni avèk Phinées, te la avèk lach akò Bondye a. Pandan lach akò SENYÈ a te antre nan kan an, tout Israël te kriye avèk yon gwo kri, jiskaske tè a te vin sone. Lè Filisten yo te tande gwo kri sila a, yo te di: "Kisa sa vle di? Gwo kri sila a nan kan Ebre yo?" Epi yo te vin konprann ke lach SENYÈ a te antre nan kan an. Filisten yo te krent, paske yo te di: "Bondye vin antre nan kan an." Konsa, yo te di: "Malè a nou menm! Paske anyen parèy a sa pa t konn fèt avan. Malè a nou menm! Kilès k ap delivre nou nan men a dye pwisan sa yo? Sila yo se dye ki te frape Ejipsyen yo avèk tout kalite fleyo nan dezè a. Pran kouraj e mete gason sou nou, O Filisten yo, oswa nou va devni esklav a Ebre yo jis jan ke yo te esklav nou an. Pou sa, mete gason sou nou pou nou goumen!" Konsa, Filisten yo te goumen e Israël te bat. Tout mesye yo te sove ale rive nan pwòp tant yo. Masak la te byen gwo, e te vin tonbe an Israël trant-mil sòlda a pye. Anplis, lach Bondye a te sezi pran; epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te mouri.
Alò men SENYÈ a te lou sou Asdodyen yo. Li te fè yo vin dezole e te frape yo avèk gwo boul bouton, ni Asdod, ni teritwa li yo.
Lè Mesye Asdod yo te wè ke sa te konsa, yo te di: "Fòk lach Bondye Israël la pa rete pami nou. Paske men Li lou sou nou ak sou Dagon, dye pa nou an." Konsa, yo te voye ranmase tout prens Filisten yo kote yo, e te di: "Kisa nou dwe fè avèk lach Bondye Israël la?"
Yo te reponn: "Kite lach Bondye Israël la pote rive ozanviwon Gath." Konsa, yo te pote lach Bondye Israël la rive. Lè yo te fin pote li rive, men SENYÈ a te vin kont vil la avèk gwo boulvèsman. Li te frape Mesye lavil yo, ni jenn, ni granmoun jiskaske gwo boul bouton yo te vin pete sou yo. Konsa yo te voye lach Bondye a nan Ékron.
Epi pandan lach Bondye a te rive nan Ékron, Ekwonyen yo te kriye fò. Yo te di: "Yo vin pote Bondye Israël la bò kote nou pou touye nou avèk pèp nou an." Pou sa, yo te voye rasanble tout prens a Filisten yo, e te di: "Voye lach Bondye Israël la ale. Kite li retounen nan pwòp plas li, pou li pa touye nou avèk pèp nou an." Paske te genyen yon gwo boulvèsman ki t ap mennen lanmò toupatou nan vil la. Men SENYÈ a te lou kote sa a.
Alò, lach SENYÈ a te nan peyi Filisten yo pandan sèt mwa. Konsa, Filisten yo te rele prèt yo avèk divinò yo, e te di yo: "Kisa pou nou fè avèk lach SENYÈ a? Di nou kijan nou dwe voye li nan plas li."
Yo te di: "Si ou voye lach Bondye Israël la ale, pa voye li vid, men ou va anverite, remèt Li yon ofrann koupab. Konsa nou va geri e li va vin konprann poukisa men L poko retire sou nou."
Se konsa mesye yo te fè. Yo te pran de vach nouris, yo te fè yo rale chaj nan kabwèt la e te fèmen ti bèf yo lakay. Yo te mete lach SENYÈ a sou kabwèt la e bwat la avèk sourit an lò ak imaj gwo boul bouton yo. Epi vach yo te pran wout dwat nan direksyon Beth-Schémesch. Yo te fè wout nan gran chemen an. Yo te rele fò pandan yo nan wout la, e yo pa t vire akote ni adwat, ni agoch. Prens Filisten yo te swiv yo jis rive nan lizyè Beth-Schémesch la. Alò, Beth-Schémesch t ap fè rekòlt ble pa yo nan vale a. Yo te leve zye yo, yo te wè lach la, e yo te kontan wè li. Kabwèt la te vini nan chan Josué a, moun Beth-Schémech, e li te kanpe la kote ki te gen yon gwo wòch. Konsa, yo te fann bwa kabwèt la e yo te ofri vach yo kòm ofrann brile a SENYÈ a. Levit yo te desann lach SENYÈ a ak bwat ki te avèk li a. Andedan te gen tout bagay an lò yo e yo te mete yo sou gwo wòch la. Epi mesye Beth-Schémech yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis nan jou sa a bay SENYÈ a.
Epi mesye nan Kirjath-Jearim yo te vin pran lach SENYÈ a e te pote li antre lakay Abinadab sou ti mòn nan, epi yo te konsakre Éléazar, fis li a, pou okipe lach SENYÈ a. Soti nan jou ke lach la te rete Kirjath-Jearim nan, tan ekoule a te byen long—paske li te pran ventan avan tout lakay Israël te fè lamantasyon devan SENYÈ a.
Alò, yo te pale a wa David, e te di: "SENYÈ a te beni lakay Obed-Édom avèk tout sa ki pou li akoz lach Bondye a."
Konsa, David te ale monte lach Bondye a soti lakay Obed-Édom pou antre nan vil David la avèk kè kontan. Lè pòtè lach SENYÈ a yo te fin fè sis pa, li te fè sakrifis a yon bèf kabwèt avèk yon jenn bèf gra. Epi David t ap danse devan SENYÈ a avèk tout fòs li e David te abiye avèk yon efòd fèt ak len. Konsa, David avèk tout kay Israël la t ap mennen lach SENYÈ a monte avèk gwo kri lajwa e avèk son twonpèt.
Alò, Salomon te rasanble ansyen Israël yo avèk tout tèt a tribi yo, chèf a fanmi zansèt a fis Israël yo, kote Wa Salomon Jérusalem, pou mennen fè montelach akò SENYÈ a soti nan lavil David ki Sion an. Tout mesye Israël yo te rasanble yo menm kote ak Wa Salomon nan fèt la nan mwa Éthanim nan, ki se setyèm mwa a. Tout ansyen Israël yo te vini, e prèt yo te leve pran lach la. Yo te mennen fè monte lach SENYÈ a, tant asanble a, avèk tout zouti sen ki te nan tant yo. Prèt yo avèk Levit yo te mennen fè yo monte. Wa Salomon avèk tout kongregasyon Israël la, ki te rasanble vè li, te avèk li devan lach la. Yo t ap fè sakrifis a yon tèlman gran kantite mouton avèk bèf ke yo pa t kab konte ni kontwole. Prèt yo te mennen lach akò SENYÈ a nan plas li. Yo te mete l nan sanktyè enteryè a kay la, nan plas ki sen pase tout lòt yo a, anba zèl a cheriben yo. Cheriben yo te lonje zèl pa yo anwo plas lach la e yo te sèvi kon yon kouvèti sou lach la avèk poto li yo soti anwo. Men poto yo te tèlman long ke pwent poto yo te vizib sèlman soti nan lye sen an devan sanktyè enteryè a. Men yo pa t kab wè pa deyò; epi yo la jis rive jodi a. Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo wòch ke Moïse te mete la nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo, lè yo te sòti nan peyi Égypte la. Li te fèt ke lè prèt yo te sòti nan lye sen an ke nwaj la te ranpli kay SENYÈ a, jiskaske prèt yo pa t kab fè sèvis akoz nwaj la. Paske glwa SENYÈ a te ranpli kay SENYÈ a.
"Retounen, O fis enfidèl," deklare SENYÈ a, "paske Mwen se yon mèt pou nou. Mwen va retire de nou, youn nan yon vil e de nan yon fanmi, e Mwen va mennen nou Sion." "Konsa, Mwen va bannou bèje selon pwòp kè Mwen, ki va fè nou manje sou konesans ak bon konprann. Li va vin rive nan jou sa yo ke lè nou vin ogmante, e vin anpil nan peyi a", deklare SENYÈ a, "yo p ap di mo ankò: ‘Lach akò SENYÈ a’. Ni sa p ap vini nan tèt yo. Yo p ap sonje li, yo p ap remake pèt li, ni li p ap refèt ankò.
Alò, menm premye akò a te gen règleman pou adore Bondye ak sanktyè tèrès la. Paske te gen yon tabènak ki te fin prepare. Sa ki pa deyò a, nan li te gen chandelye a, tab la, ak pen sakre a. Yo rele l lye sen an.
Andedan dezyèm vwal la, te gen yon tabènak ke yo te rele Sen de Sen yo. Li gen yon lotèl an lò pou lansan an, ak lach akò a ki kouvri nan tout kote avèk lò. Ladann te gen yon vaz an lò ki gen lamàn nan, ak baton Aaron an ki te boujonnen, ak tablèt akò yo. Epi anwo li, se te cheriben laglwa a ki te fè lonbraj sou plas ekspiyasyon an. Men de bagay sa yo, nou pa kab pale an detay koulye a.
Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri e lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Konsa, te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.