Publicidade

Beleza

Por Bíblia Online

A verdadeira beleza vem de dentro. A Bíblia ensina que o encanto é enganoso e a formosura é vã, mas a mulher que teme ao Senhor — essa sim merece louvor.

Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite;

men se fanm nan ki krent SENYÈ a

k ap resevwa lwanj.

Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak ak bèl rad; men tankou sila ki kache nan a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye.

Men SENYÈ a te di Samuel: "Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm selon aparans deyò, men SENYÈ a a."

Menm jan an, mwen vle fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak oswa pèl oswa rad ki koute chè, men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.

Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

paske mwen fèt yon fason mèvèye.

Zèv Ou yo depase bon konprann

e nanm mwen byen konnen sa.

Ou fin bèl nèt, cheri mwen an,

e nanpwen defo nan ou.

Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo.

Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

"Leve, briye; paske limyè ou fin parèt

e glwa a SENYÈ a fin leve sou ou.

Zèb la fennen,

flè a pèdi koulè l,

men pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan."

Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou.

"Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e a plis ke rad nou mete sou li?

Seja o primeiro
Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-