Publicidade

O que é bom

Por Bíblia Online

O que é bom vem de Deus. A Bíblia celebra a bondade divina e nos convida a discernir, praticar e desfrutar tudo o que é bom — porque toda boa dádiva vem do Pai das luzes.

Bondye te tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.

Bon e plen ladwati, se SENYÈ a;

pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.

Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen.

Mwen te Senyè a, BONDYE a, refij mwen,

Pou m kab pale tout zèv Ou yo.

Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a

Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a,

pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,

pou deklare lanmou dous Ou nan maten

avèk fidelite Ou nan lannwit,

avèk lenstriman a kòd e avèk ap,

avèk mizik ki retanti sou lir.

Paske Bondye bon.

Lanmou dous li a dire jis pou tout tan,

e fidelite Li a tout jenerasyon yo.

Yon chan pou monte tanp lan.

Gade byen, a la bon e agreyab

pou frè yo viv ak tèt ansanm!

Paske mwen bay ou bon konsèy;

pa abandone enstriksyon mwen.

Yon nonm jwenn kontan nan yon repons ki jis,

e a la bèl yon mo livre nan pwòp li bèl!

Fis mwen, manje siwo myèl, paske li bon;

wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.

Konnen ke sajès se konsa pou nanm ou;

si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile.

Sajès ansanm ak eritaj bon, e se yon avantaj pou sila ki konn solèy yo.

SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo,

a moun ki chache Li a.

Se bon pou yon nonm gen espwa,

e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.

Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

Sèl pou sa ki jis, renmen Mizerikòd,

e mache nan imilite ak Bondye ou a?

Alò, konsa Lalwa a sen, e kòmandman an sen, jis e bon.

Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

Konsa pa kite sa ki bon bagay pou ou a, vin pale pa lòt yo kòm yon mal.

Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.

Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an,

Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman, paske li sanktifye pa mwayen pawòl Bondye a ak lapriyè.

Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.

"Disèl la bon, men si disèl la vin pèdi gou, kilès k ap l gen gou sèl ankò. Fòk nou gen sèl nan nou, e rete anpè youn avèk lòt."

Seja o primeiro
Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-