Publicidade

Confiabilidade

Por Bíblia Online

A confiabilidade de Deus é absoluta. Ele é fiel em todas as suas promessas, constante em seu amor e seguro em seu caráter. Podemos confiar nele completamente.

Deus é fiel

O Senhor é fiel em todas as suas palavras e bondoso em todos os seus atos. Grande é a sua fidelidade!

Lamou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,

paske mizerikòd Li p ap janm manke.

Yo renouvle chak maten.

Gran se fidelite Ou.

SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo,

tout sila ki rele li ak verite yo.

SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an.

Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan.

Pa abandone zèv men Ou yo.

Men lanmou dous a SENYÈ a,

soti pou tout tan jis rive pou tout tan

sou sila ki gen lakrent Li yo

e ladwati Li a pitit pitit li yo,

pou sila ki kenbe akò Li yo,

e sonje règleman Li yo pou yo.

Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo,

sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,

Paske SENYÈ a renmen jistis,

e li pa abandone fidèl li yo.

Yo prezève pou tout tan,

men mechan yo va vin koupe retire nèt.

Men Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an.

Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

"Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,

Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap ou desi, ni abandone ou. Pa , ni pèdi kouraj."

Caráter de Deus

Toda boa dádiva vem do alto. O Senhor é bom e sua misericórdia dura para sempre. Nele podemos descansar.

Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.

O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li,

paske lanmou dous Li a se pou tout tan.

Paske Ou menm, Senyè a,

Ou plen bonte e Ou prèt pou padone,

ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila

ki rele sou non Ou yo.

Paske Li te satisfè nanm swaf la, e

nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.

Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou.

Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten.

Paske Ou te toujou sitadèl mwen,

yon pwotèj nan jou gran twoub mwen an.

Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.

Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.

Li p ap kite pye ou chape.

Sila ki kenbe ou a p ap kabicha, ni dòmi.

Integridade e confiança

Eu sou o Alfa e o Ômega — Deus é o mesmo ontem, hoje e sempre. Fiel em o que realizou e realizará por cada filho.

"Mwen se Alfa a e Omega a," di Senyè Bondye a: "Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an."

Ou menm, O SENYÈ, Ou renye jis pou tout tan;

twòn Ou se de jenerasyon an jenerasyon.

O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te gwo mèvèy; plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite.

Sa ki dezirab nan yon nonm se yon ki dous.

Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.

Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo;

men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.

Entegrite a moun dwat la va gide yo;

men koripsyon a sila ki konplo a va detwi yo.

"Mèt li te di li: Byen fèt, bon e fidèl sèvitè. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.

"Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.

Seja o primeiro
Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-