Consolador
O Espírito Santo é o Consolador prometido por Jesus. Ele consola os aflitos, fortalece os fracos e nos assegura que nunca estaremos sós.
O Consolador prometido
Jesus prometeu: Eu rogarei ao Pai e Ele vos dará outro Consolador para que fique convosco para sempre.
"Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen.
"Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou.
Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.
"Lè Konseye a vini, sila a ke M ap voye bay nou sòti nan Papa a, sa se Lespri verite a, ki sòti nan Papa a, L ap fè temwayaj de Mwen.
"Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou.
Consolo divino
Bendito seja o Deus de toda consolação. Ele nos consola em toda tribulação e enxuga toda lágrima de nossos olhos.
Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a.
Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la.
Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris:
Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m,
konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.
Depi nan gran pwoblèm mwen yo, mwen te rele SENYÈ a;
SENYÈ a te reponn mwen e te mete m yon kote byen laj.
"Yo p ap grangou ankò, ni swaf ankò. Ni solèy la p ap bat yo, ni okenn chalè; paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo."
"Mwen, Mwen menm se Sila ki bannou konsolasyon an.
Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri,
ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?
Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt;
yo va konsole.