Pular para o conteúdo
Publicidade

Coração quebrantado

Por Bíblia Online

Deus está perto dos que têm o coração quebrantado. A Bíblia consola os aflitos: o sacrifício que Deus aceita é o espírito quebrantado e um coração contrito — jamais desprezará.

SENYÈ a pre sila ak kase yo,

epi sove sila ki kraze nan lespri yo.

Sakrifis a Bondye yo se yon espri ki kraze.

Yon brize e ki repantan, O Bondye,

Ou p ap meprize l.

Li geri sila ak kase yo e mete pansman sou blesi yo.

Chè mwen avèk mwen kab fayit,

men Bondye se fòs mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.

Paske se konsa Sila ki wo e egzalte,

Sila ki viv jis pou tout tan an,

non a Li se Sila ki Sen an, pale:

"Mwen rete nan kote ki wo e ki sen,

anplis ak li menm ki gen ki pi e ki enb,

pou leve lespri a enb yo,

e leve a sila a ki plen regrè pou peche.

Paske se men M ki te tout bagay sa yo;

se konsa tout bagay sa yo te vin egziste," deklare SENYÈ a.

"Men, anvè sila Mwen va gade;

sila ki enb ak ki repanti a,

e ki tranble devan pawòl Mwen yo.

Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,

akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo.

Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak brize yo,

pou pwoklame libète a kaptif yo

e delivrans a prizonye yo;

pou pwoklame lane gras SENYÈ a

e jou a vanjans Bondye nou an;

pou konsole tout moun ak ki tris,

pou pwovizyon pou sila ak tris Sion yo;

pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo,

ak lwil kontan pou ranplase tristès la,

ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a.

Konsa, yo va rele pye chenn ladwati,

yon plantasyon SENYÈ a,

pou Li kapab resevwa glwa.

"Beni se sila yo ki malere an espri;

paske wayòm syèl la se pou yo.

Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt;

yo va konsole.

Beni se sila yo ki enb;

yo va resevwa tout latè kòm eritaj.

Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò. Paske gade byen avèk ki senserite menm bagay sa a, tristès sa ki sòti nan Bondye a, te vin prodwi nan nou. Kèl jistifikasyon pou nou menm, kèl endiyasyon, kèl krent, kèl dezi, kèl zèl, kèl retribisyon kont lemal. Nan tout bagay nou te montre a tèt nou, nou inosan nan zafè sila a.

Men Li te di mwen: "Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès". Konsa, avèk kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

Seja o primeiro

Este artigo te tocou? Faça uma oração!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.