Corpo de Cristo
A Igreja é o Corpo de Cristo — organismo vivo onde cada membro tem função única e indispensável. Cristo é a cabeça; nós somos seus membros.
Um corpo, muitos membros
Assim como o corpo é um e tem muitos membros, assim é Cristo. Nós somos o corpo de Cristo e individualmente seus membros.
Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò konsa tou Kris la ye.
Alò ansanm, nou se kò a Kris la, e nou se chak grenn manm de li.
Èske nou pa konnen ke kò nou se manb a Kris yo ye? Èske mwen dwe pran manb kò Kris yo e fè yo vin manb a yon pwostitiye? Ke sa pa janm fèt!
Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt.
Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an;
Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.
Cristo, a cabeça
Ele é a cabeça do corpo, que é a igreja. O corpo cresce e se edifica em amor quando cada parte faz o seu trabalho.
Li se osi tèt a kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay.
Alò, mwen rejwi nan soufrans mwen yo pou koz a nou, e nan lachè m mwen fè pati pa m pou benefis kò Li a, ki se legliz la, pou ranpli sa ki manke nan soufrans lafliksyon a Kris yo.
Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.
Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la. Paske nou se manm a kò Li.