Publicidade

Intimidade com Deus

Por Bíblia Online

A intimidade com Deus é o maior privilégio do cristão. Ele nos convida a nos aproximar, a conhecê-lo profundamente e a desfrutar de comunhão diária com o Criador do universo.

Aproximar-se de Deus

Chegai-vos a Deus e Ele se chegará a vós. Deus deseja intimidade, não religiosidade. Ele busca os que o buscam de todo coração.

Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.

"Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo!

Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje.

Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè.

Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen,

ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè?

Koute Mwen avèk atansyon, manje sa ki bon

e pran plezi nou an abondans.

Prete zòrèy nou e vin kote Mwen.

Koute pou nou ka viv.

Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan,

selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.

Gade byen, Mwen te bay li kon yon temwen a pèp la,

yon chèf ak kòmandè pou pèp la.

Gade byen, ou va rele yon nasyon ou pa rekonèt;

yon nasyon ki pa rekonèt ou va kouri bò kote ou,

akoz SENYÈ Bondye ou a,

ak Sila Ki Sen an Israël la;

paske Li te bay ou glwa."

Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;

rele Li pandan Li toupre a.

Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn;

epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va tande.

‘Rele Mwen, Mwen va reponn ou e Mwen va di ou gwo bagay pwisan ke ou pa t janm konnen.’

Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo," deklare SENYÈ a, "plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.

Sede de Deus

Como a corça deseja as correntes de água, assim a minha alma suspira por ti, ó Deus. A intimidade nasce do desejo profundo.

Jan sèf la rale souf ak swaf pou dlo ravin nan,

Konsa nanm mwen rale souf pou Ou, O Bondye.

Nanm mwen swaf pou Bondye,

Pou Bondye vivan an.

Se kilè mwen kab vini pou parèt devan Bondye?

O Bondye, Ou se Bondye mwen.

Mwen va chache Ou ak tout kè m.

Nanm mwen swaf pou Ou.

Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.

Konsa, mwen te wè Ou nan sanktiyè a,

ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.

Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi,

lèv mwen va louwe Ou.

Pou sa, mwen va beni Ou tout tan ke m viv.

Mwen va leve men m nan non Ou.

Nanm mwen satisfè konsi avèk ma zo ak grès,

e bouch mwen ap ofri lwanj

avèk lèv ranpli de jwa.

Lè m sonje Ou sou kabann mwen,

mwen medite sou Ou nan vèy de nwi la.

Paske Ou te konn sekou mwen.

Nan lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa.

Nanm mwen kole ak Ou.

Men dwat Ou fè m kenbe.

Men sila ki chache lavi mwen pou detwi li yo,

va desann jis nan fon latè.

Yo va livre a pouvwa nepe.

Yo va tounen manje pou rena mawon.

Men Wa a va rejwi nan Bondye.

Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa.

Paske bouch a sila ki bay manti yo, va fèmen.

Unidade com o Pai

Jesus orou pela unidade dos seus com o Pai. A intimidade com Deus inclui confissão, perdão e alegria na comunhão.

Glwa ke Ou ban Mwen an, Mwen bay yo. Pou yo kapab fè yon sèl, menm jan ke Nou fè yon sèl. Mwen nan yo, e Ou nan Mwen, pou yo kapab vin pafè nan linite, pou lemonn kapab konnen ke Ou te voye Mwen, e te renmen yo, menm jan ke Ou renmen Mwen.

SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.

Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-19_11-20-24-