Jovens
Deus tem planos maravilhosos para os jovens. A Bíblia os convida a consagrar a juventude ao Senhor, crescer em sabedoria e ser exemplo para todos em fé, palavra, conduta e amor.
Ninguém despreze a tua mocidade
Paulo exortou Timóteo: sê exemplo dos fiéis na palavra, no procedimento, no amor, no espírito, na fé e na pureza.
Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.
Menm jan an, ankouraje jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye.
Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès;
Lembrar do Criador na juventude
Lembra-te do teu Criador nos dias da tua mocidade. A sabedoria ganha cedo produz frutos duradouros na vida inteira.
Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo,
avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di:
"Mwen pa pran plezi nan yo;"
Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo,
avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di:
"Mwen pa pran plezi nan yo;"
Avan solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa,
e nwaj yo retounen apre lapli yo;
nan jou ke gadyen kay la tranble a,
e mesye pwisan yo vin koube a.
Lè sa yo k ap moule a rete san travay
akoz anpil nan yo ki manke,
e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè.
Rejwi jennonm, pandan jenès ou,
e kite kè ou rete kontan
pandan ane de laj jenès ou yo.
Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou,
men konnen byen ke Bondye
va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.
Pou sa, retire gwo doulè ak mechanste
pou l pa nan kè ou,
e fè mal rete lwen chè ou;
paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.
Yon jennjan ki malere men ki gen sajès, miyò pase yon ansyen wa ki ensanse, e ki pa konn resevwa konsèy.
Força e promessa
Os jovens renovam suas forças quando esperam no Senhor. Deus levanta jovens com visões e sonhos para transformar o mundo.
Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,
e jenn nom plen kouraj yo vin glise tonbe;
sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.
Li va vin rive apre sa,
ke Mwen va vide Lespri M sou tout chè.
Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,
e granmoun nou yo va fè vizyon yo.
Menm sou sèvitè ak sèvan yo,
mwen va vide Lespri Mwen nan jou sa yo.
Konsènan kat jennonm sila yo Bondye te bay yo konesans ak entèlijans nan tout pati etid ak sajès yo. Epi Daniel te gen konprann nan tout kalite vizyon ak rèv.
Konsa, nan fen jou wa a te etabli pou prezante yo a, linik a wa a te fè yo parèt devan Nebucadnetsar. Wa a te pale ak yo e pami yo tout, pa t gen youn ki te konpare ak Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria. Akoz sa, yo te antre nan sèvis pèsonèl a wa a.
Glwa a jèn yo se fòs yo,
e lonè a granmoun yo se cheve blan yo.
Menm yon ti moun se rekonnet pa zèv li yo;
si li aji byen e si kondwit li dwat.
Guardar o caminho
Como purificará o jovem seu caminho? Guardando-o segundo a tua Palavra. A Escritura na juventude guarda do pecado a vida inteira.
Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot?
Nan kenbe li selon pawòl Ou.
Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m,
pou m pa t peche kont Ou.
Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye,
Ou se konfyans mwen soti nan jenès mwen.
ni jennonm, ni vyèj,
granmoun ak timoun.
Kite yo louwe non SENYÈ a,
paske se sèl non Li ki leve wo.
Glwa Li pi wo tè a ak syèl la.
Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:
pou konnen sajès avèk enstriksyon,
Pou dekouvri pawòl bon konprann yo,
Pou resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès,
ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;
Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.
Koute, fis mwen an, vin saj
pou dirije kè ou nan chemen an.
Pa bwè twòp diven,
ni fè voras nan manje vyann;
paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;
e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.
Koute papa ou ki te fè ou a,
e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.
Coragem e vocação
Deus chamou jovens como Jeremias e Josué para grandes missões. A juventude não é desculpa — é oportunidade de servir poderosamente.
Konsa, mwen te di: "Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske mwen se sèlman yon jennonm."
Men SENYÈ a te di mwen: "Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l. Pa pè yo, Paske Mwen avèk ou pou delivre ou", SENYÈ a di.
Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo," deklare SENYÈ a, "plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou. Mwen va vin twouve pa nou menm" deklare SENYÈ a: "Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo," deklare SENYÈ a. "Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo."
"Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.
"Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.
"Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale."
Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: "Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo".
Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
Mwen te ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman a. Mwen te ekri nou jenn nonm yo paske nou gen fòs, epi pawòl Bondye a reste nan nou, epi nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan.
Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi.
Se bon pou yon nonm pote jouk la nan jenès li.