Publicidade

Juízo

Por Bíblia Online

O juízo de Deus é manifestação de sua justiça e soberania. Ele julga o mundo, julga as nações e julga cada coração com perfeita equidade e misericórdia.

O juízo de Deus

Deus é juiz justo que prova os corações. Seu juízo é verdadeiro e alcança toda obra, secreta ou pública.

Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.

Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou bay yo lavi, menm jan an Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.

"Paske menm Papa a pa jije pèsòn, men Li te bay tout jijman a Fis la, Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.

"Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.

"Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi sa yo ki tande ap viv.

"Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm. Li te bay Li otorite pou egzekite jijman, paske Li menm se Fis a Lòm nan.

"Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li, epi ap vin parèt. Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman.

"Mwen pa kapab fè anyen pou kont Mwen. Sa ke Mwen tande, Mwen jije; epi jijman Mwen jis, paske Mwen pa chache volonte pa M, men volonte a Li menm, ki te voye Mwen an.

"Si Mwen sèl fè temwayaj a Mwen menm, temwayaj la p ap vrè.

"Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou. E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman. Konsènan peche, paske yo pa kwè nan Mwen,

Jésus te reponn e te di: "Vwa sa a pa t vini pou kòz pa M, men pou kòz pa nou. Koulye a jijman vini sou mond sa a. Koulye a mèt mond sa a va jete deyò. E Mwen, si Mwen gen tan leve wo anwo tè a, va atire tout moun kote Mwen menm."

Li di: "Senyè, mwen kwè!" E li te adore Li.

Jésus te di: "Pou jijman Mwen te vini nan monn sila a, pou sa yo ki pa wè kapab vin wè, e sa yo ki wè kapab vin avèg."

Prestando contas

Cada um prestará contas de si mesmo a Deus. O juízo começa pela casa de Deus e depois alcança os que não obedecem ao evangelho.

Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo. Yon moun gen lafwa pou li kab manje tout bagay, men sila ki fèb la manje sèlman legim. Sila ki manje a pa dwe meprize sila ki pa manje a, e sila ki pa manje a pa dwe jije sila ki manje a, paske Bondye aksepte li. Ki moun nou ye pou jije sèvitè a yon lòt? Devan pwòp mèt pa li l ap kanpe oubyen l ap tonbe. E l ap kanpe menm, paske Bondye kapab fè l kanpe.

Konsa nou chak ap rann kont de tèt li, bay Bondye.

Konsa, annou pa jije youn lòt ankò. Men olye de sa, annou detèmine pou nou pa mete okenn obstak oubyen wòch k ap fè moun bite sou wout a yon frè. Mwen konnen e mwen byen konvenk nan Senyè a Jésus ke pa gen anyen ki pa pwòp nan li menm; men pou sila a ki panse ke yon bagay pa pwòp, pou li menm li pa pwòp la.

Paske li lè pou jijman kòmanse avèk manm lakay Bondye yo. E si li kòmanse avèk nou an premye, kisa ki va rive a sila ki pa obeyi a levanjil a Bondye a?

Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.

Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou. E poukisa nou gade ti kras poud ki nan zye frè nou an, men nou pa wè gwo bout bwa ki nan zye pa nou an? O kijan nou kapab di frè nou an: ‘Kite m retire ti kras sa a ki nan zye ou a’, epi gade, gwo bout bwa nan zye w?

Justiça e redenção

O juízo de Deus é também redenção. Ele livrou Israel do Egito com juízos e salva os arrependidos pela cruz de Cristo.

"Pou sa, di a fis Israël yo: ‘Mwen menm se SENYÈ a. Mwen va mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo, e Mwen va delivre nou anba esklavaj pa yo a. Mwen va anplis delivre nou avèk yon bra byen lonje, e avèk gwo jijman.

"‘Paske Mwen va pase nan peyi Égypte la nan nwit lan, e Mwen va frape tout premye ne nan peyi Égypte la, ni moun, ni bèt. Epi kont tout dye an Égypte yo, Mwen va egzekite jijman—Mwen menm se SENYÈ a.

Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,

e te fè mal devan zye Ou.

Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.

Sion te tande sa e te rejwi.

Fi a Sion yo te rejwi akoz jijman Ou, O SENYÈ.

Epi koulye a, tout travay skilpti li yo,

yo kraze ak rach avèk mato.

Yo fin brile sanktiyè Ou a jis rive atè.

Yo te souye abitasyon ki fèt nan non Ou an.

Apre bagay sa yo, mwen te tande yon bagay tankou gwo vwa a yon gran foul nan syèl la ki t ap di: "Alelouya! Delivrans, laglwa ak pwisans apatyen a Bondye nou an. Paske jijman Li yo vrè e jis. Paske Li te jije gran pwostitiye ki te konwonpi latè avèk imoralite li a, e sou li, Li te vanje san a sèvitè Li yo."

"Yon dezyèm fwa, li te di: ‘Alelouya! Lafimen li an monte pou tout tan e pou tout tan.’"

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-22_10-02-25-