Legalidades
A Bíblia reconhece a necessidade de leis e governo civil. Os cristãos são chamados a obedecer às autoridades estabelecidas por Deus, enquanto mantêm a lealdade suprema a Cristo.
Submissão às autoridades
Toda autoridade é instituída por Deus. O cristão é chamado a respeitar as leis, pagar tributos e honrar quem governa.
Chak moun dwe obeyisan ak otorite gouvènman yo. Paske pa gen otorite sof ke li sòti nan Bondye, e sila ki egziste yo etabli pa Bondye. Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo. Paske sila yo ki nan otorite p ap koz laperèz pou sila ki gen bon kondwit yo, men pou sila ki fè mal yo. Èske nou vle pa gen laperèz pou otorite? Fè sa ki bon e yo va bannou lwanj. Paske li menm se sèvitè Bondye anvè nou menm pou sa ki bon. Men si nou fè sa ki mal, fòk nou pè; paske li pa pote nepe pou granmesi. Paske li se yon sèvitè Bondye, yon vanjè k ap pote kòlè sou sila ki pratike mechanste yo. Konsa, li nesesè pou nou soumèt nou. Sa pa fèt sèlman akoz krent lakòlè a, men osi akoz bon konsyans pa nou. Se pou sa tou ke nou toujou peye taks leta a; paske sila k ap gouvène yo se sèvitè Bondye ki te plase espre pou sèvis sa a. Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo.
Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a.
Kenbe kondwit nou pwòp pami pèp etranje yo, pouke nan bagay ke yo pale mal sou nou kòm malfektè yo, yo kapab akoz bon zèv nou, bay Bondye glwa, lè yo wè yo nan jou gran vizitasyon selès la.
Soumèt tèt nou pou koz a Senyè a, a tout otorite ki etabli pami lòm, kit se yon wa kit se yon moun an otorite oubyen a gouvènè ki voye pa Li menm yo pou pini malfektè yo e louwe sila ki fè byen yo.
Pou sa, di nou kisa Ou panse? Èske li pèmèt pou peye taks a César? Wi oubyen non?"
Men Jésus te konprann mechanste yo. Li te reponn: "Poukisa nou ap tante M konsa? Ipokrit nou ye! Montre M kòb ke nou sèvi pou peye taks la."
Yo te pote bay Li yon denye.
Li te mande yo: "Limaj avèk lenskripsyon a ki moun nou wè la a?"
Yo reponn Li: "Se pou César".
Li te di yo: "Ebyen, bay a César sa ki pou César, e bay Bondye sa ki pou Bondye."
Obrigações legais
Jesus cumpriu obrigações legais, pagou impostos e orientou seus seguidores a obedecer à lei sem comprometer a fé.
Lè yo te ale Capernaüm, sila ki te fè koleksyon taks drachma yo te vin Kote Pierre, Li te mande l: "Èske mèt ou a pa peye taks drachma?"
Li te reponn: "Wi".
Lè Pierre te antre nan kay la, Jésus, akoz Li te konnen sa li t ap mande, te di: "Kisa ou panse, Simon? Nan men ki moun wa sou latè yo ranmase tarif ak enpo? Èske se nan men fis pa yo, oubyen èske se nan men moun yo pa rekonèt?"
Lè li reponn: "Moun yo pa rekonèt", Jésus te di l: "Konsa, fis yo egzante. Sepandan, pou nou pa ofanse yo, ale bò kote lanmè a; voye yon filè ladann e rale premye pwason ki vini an. Lè nou ouvri bouch li nou va wè yon statère (yon kòb Women). Pran li pote bay yo pou ou ak Mwen."
"Fè zanmi depi nan wout avèk lènmi k ap mennen ou tribinal la, pou li pa livre ou devan jij la, e jij la va livre ou bay otorite pou jete ou nan prizon. Anverite Mwen di nou, nou p ap soti la jiskaske nou peye dènye santim nan."
Konsa, y ap menm fè nou vini devan ofisye ak wa yo pou non Mwen, kon yon temwayaj de yo menm ak lòt nasyon yo. Men lè yo livre nou nan men yo, pa enkyete pou sa n ap di; paske nou va resevwa nan lè sa, sa nou gen pou nou pale.
Alò, li te rive nan jou sa yo ke yon dekrè te sòti nan César Auguste, ke yon resansman global ta vin fèt pou tout mond lan kote moun rete. Sa se te premye resansman global ki te fèt pandan Quirinius te gouvènè a Syrie. Tout moun te kòmanse anrejistre pou resansman an, chak moun nan pwòp vil pa li.
Anplis, Joseph te monte kite Galilée nan vil Nazareth la, pou rive nan Juda, vil David, ke yo rele Bethléhem nan, akoz ke li te sòti nan kay ak fanmi a David, pou l ta kapab anrejistre ansanm avèk Marie, ki te fiyanse li, e ki te ansent.
Perspectiva divina
As nações são como uma gota no balde diante de Deus. Ele abre portas que nenhuma lei pode fechar.
Gade byen, nasyon yo se tankou yon gout dlo nan yon bokit;
yo parèt tankou yon grenn pousyè sou balans la.
Gade byen, li leve fè monte lil yo konsi se yon ti kras pousyè.
Tout nasyon yo se konsi yo pa anyen devan L,
Li gade yo tankou mwens ke anyen, kon vanite.
Paske yon pòt byen laj e efikas vin louvri a mwen menm, e gen anpil advèsè.
Pou sa, Pilate te di L: "Ou pa pale avè m? Èske Ou pa konnen ke m gen otorite pou krisifye Ou?"
Jésus te reponn Li: "Ou pa t ap gen otorite sou Mwen si li pa t soti anwo. Konsa, sila a ki livre M bay ou a gen pi gwo peche."
Este artigo te tocou? Faça uma oração!
+581 estão orando agora.
Junte-se à corrente de oração.