Mãe
A mãe é honrada na Bíblia como pilar da família. Seu amor incondicional, sua sabedoria e sua dedicação são celebrados como reflexo do próprio amor de Deus por seus filhos.
O amor de mãe
Pode uma mãe esquecer-se do filho do seu ventre? Ainda que ela se esquecesse, Deus nunca nos abandona. O amor materno reflete o divino.
Tankou yon timoun ki jwenn rekonfò a manman l,
se konsa Mwen va rekonfòte nou;
epi nan Jérusalem, nou va rekonfòte."
Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.
Fwi a vant la se yon rekonpans.
A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo,
ki mache nan chemen Li yo.
Lè ou manje nan fwi a men ou yo,
ou va kontan e sa va ale byen pou ou.
Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
Sabedoria e instrução
A mãe sábia instrui os filhos nos caminhos de Deus. Seu ensino é lei que guia e sua disciplina é expressão de amor verdadeiro.
Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,
e pa abandone leson a manman ou yo;
Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,
ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.
Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;
men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.
Yon fis ki saj fè papa l kontan;
men yon gason ensanse meprize manman l.
"Sèlman, veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo.
Honrar a mãe
Honra teu pai e tua mãe. A mulher virtuosa é digna de louvor — seus filhos se levantam e a chamam bem-aventurada.
Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?
Paske valè li depase bijou.
Fòs ak respè se abiman li
e li souri a lavni.
Li ouvri bouch li avèk sajès
e enstriksyon ladousè sou lang li.
Li gade byen tout afè lakay li
e li pa manje pen laparès.
Pitit li yo leve e beni li;
mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:
"Anpil fi te fè byen bon;
men ou pi bon anpil pase yo tout."
Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite;
men se fanm nan ki krent SENYÈ a
k ap resevwa lwanj.