Maria
Maria, mãe de Jesus, é honrada nas Escrituras como a mulher escolhida por Deus para trazer ao mundo o Salvador. Sua fé, humildade e obediência são exemplo para todos os cristãos.
A escolhida de Deus
O anjo Gabriel anunciou a Maria que ela seria mãe do Filho do Altíssimo. Ela respondeu com fé: 'Faça-se em mim segundo a tua palavra.'
Alò, nan sizyèm mwa ansent Elizabeth la, zanj Gabriel la te voye sòti nan Bondye a yon vil nan Galilée ki te rele Nazareth, a yon vyèj ki te fiyanse a yon nonm ki te rele Joseph, ki te sòti nan desandan David yo. Vyèj la te rele Marie. Lè l te antre, li te di li: "Sali a ou menm ki twouve favè! Bondye se avèk ou. Ou beni pami fanm yo!"
Konsa zanj lan te di l: "Ou pa bezwen krent, Marie, paske ou gen tan twouve favè ak Bondye. Gade byen, ou va vin ansent. Ou va fè yon fis, e ou va bay li non a Jésus. Li va gran e Li va rele Fis a Pi Wo a; epi Senyè Bondye a va bay Li twòn a zansèt Li a, David. Li va renye sou lakay Jacob pou tout tan, e wayòm Li an p ap janm fini."
Nesans a Jésus, Kris la te fèt konsa: Lè manman Li, Marie, te fiyanse ak Joseph, avan ke yo te vini ansanm, li te twouve ansent pa Lespri Sen an.
O Magnificat
Maria cantou: 'Minha alma engrandece ao Senhor!' Seu cântico exalta a misericórdia, o poder e a fidelidade de Deus.
Marie te di:
"Nanm mwen egzalte Senyè a,
Lespri mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an.
Paske li te gade eta ba sèvant Li an;
paske gade byen, soti nan moman sa a
jiska tout jenerasyon yo, yo va rele m beni.
Paske Toupwisan an
te fè gwo bagay pou mwen.
Non Li sen.
Epi mizerikòd Li sou jenerasyon
apre jenerasyon vè sila ki krent Li yo.
Li fè zèv pwisan yo avèk bra Li.
Li te gaye sila avèk panse ògèy nan kè yo.
Li rale fè desann chèf yo sou twòn yo,
e Li egzalte sila ki enb yo.
Li ranpli sila ki grangou yo avèk bon bagay;
e Li voye rich yo ale avèk men vid.
Li bay sekou a Israël, sèvitè Li a,
kon yon sonj mizerikòd Li,
jan Li te pale a zansèt nou yo,
a Abraham avèk jenerasyon Li yo
jis pou tout tan".
Anplis, Joseph te monte kite Galilée nan vil Nazareth la, pou rive nan Juda, vil David, ke yo rele Bethléhem nan, akoz ke li te sòti nan kay ak fanmi a David, pou l ta kapab anrejistre ansanm avèk Marie, ki te fiyanse li, e ki te ansent.
Li te vin rive ke pandan yo te la, jou yo te vin rive pou l akouche. Li te bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.
Men Marie te kache tout sa pou sonje l, e li te reflechi sou yo nan kè li.
Siméon te beni yo, e te di a Marie, manman Li: "Veye byen, anfan sila a fèt pou tonbe ak leve a anpil moun an Israël, e pou yon sign k ap koze opozisyon. Yon nepe va travèse menm nanm pa ou, jiskaske panse a kè anpil moun kapab vin revele."
Lè yo te wè Li, yo te etone. Manman Li te di Li: "Pitit mwen, Poukisa Ou trete nou konsa? Gade, papa Ou ak mwen menm te enkyete, e nou t ap chache Ou."
Li te di yo: "Poukisa nou t ap chache mwen? Èske nou pa t konnen ke M te oblije lakay Papa M?" Men yo pa t konprann pawòl ke Li te di yo a.
Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L te gade tout bagay sa yo nan kè l.
Mãe fiel até o fim
Maria acompanhou Jesus desde o nascimento até a cruz. Ela estava entre os discípulos no Pentecostes, fiel em oração.
Lè diven an te fini, manman a Jésus te di Li: "Nanpwen diven ankò."
Jésus te di li: "Fanm, kisa mwen gen avèk ou? Lè M poko rive."
Manman li te di sèvitè yo: "Nenpòt sa Li mande nou, fè l."
Men manman Li, sè a manman Li, Marie, madanm a Cléopas, ak Marie Magdalène t ap kanpe prè kwa Jésus a.
Konsa, lè Jésus te wè manman L ak disip ke Li te renmen an, ki te kanpe toupre a, Li te di a manman: "Fanm, men gade fis ou!"
Epi Li te di a disip la: "Men gade manman ou!" Depi lè sa, disip la te pran li pou rete tankou manm lakay li.
Alò, manman Li, avèk frè Li yo te rive kanpe deyò a, yo te voye kote Li e te rele Li.
Yon foul te chita toupatou antoure L, e yo te di Li: "Gade, manman Ou avèk frè Ou yo ap chèche Ou deyò a".
Li te reponn yo e te di: "Kilès ki manman M ak frè M?"
Li te gade toupatou sou sila ki te chita antoure Li yo e Li te di: "Gade, men manman M avèk frè M yo! Paske sila ki fè volonte a Papa M yo, se yo menm ki frè M, sè M, ak manman M".
Se pa pitit a chapant la? Èske yo pa rele manman L Marie, e frè li yo Jacques, Joseph, Simon ak Judas? Epi sè Li yo; èske yo tout pa avèk nou? Ebyen, kote nonm sa a twouve tout bagay sa yo?"
Sa yo avèk yon sèl panse yo t ap toujou pèsevere nan lapriyè, ansanm avèk fanm yo, ak Marie, manman a Jésus, ak frè Li yo.
Este artigo te tocou? Faça uma oração!
+581 estão orando agora.
Junte-se à corrente de oração.