Meditação
A meditação na Palavra de Deus é prática espiritual essencial. Diferente da meditação oriental, a meditação bíblica é reflexão profunda sobre as Escrituras — ruminar a Palavra dia e noite.
Meditar na Palavra dia e noite
Bem-aventurado o homem que medita na lei do Senhor de dia e de noite. Ele é como árvore plantada junto a ribeiros de águas.
Beni se nonm ki pa mache nan konsèy
mechan yo
ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.
Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
"Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.
O! A la mwen renmen lalwa Ou a!
Se sou li ke m reflechi tout lajounen.
Kòmandman Ou yo fè m pi saj pase ènmi m yo,
Paske yo toujou pou mwen.
Mwen vin gen plis konprann pase tout pwofesè mwen yo,
Paske temwayaj Ou yo se meditasyon mwen.
Mwen gen konprann plis pase granmoun yo,
akoz mwen te swiv òdonans Ou yo.
Mwen va reflechi sou règleman Ou yo,
e okipe chemen Ou yo.
Mwen va rejwi nan lòd Ou yo.
Mwen p ap bliye pawòl Ou.
Mwen va pran plezi nan kòmandman Ou yo,
ke mwen tèlman renmen.
Mwen va lonje men m vè kòmandman Ou yo
ke m tèlman renmen.
Mwen va reflechi tout tan sou règleman Ou yo.
Mwen leve avan solèy leve pou kriye pou sekou.
Mwen ap tann pawòl Ou yo.
Zye m rete ovèt pandan vè lanwit la,
konsa, pou m kab reflechi san rete sou pawòl Ou.
Frutos da meditação
A meditação produz entendimento, alegria e adoração. Quem medita na Palavra encontra direção, paz e renovação espiritual.
Kite pawòl bouch mwen a avèk
refleksyon kè m
vin akseptab devan zye Ou,
O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.
Bouch mwen va pale sajès,
epi meditasyon a kè m va vin konprann.
Mwen va sonje zèv SENYÈ yo.
Anverite, Mwen va sonje mèvèy Ou yo nan tan ansyen yo.
Mwen va reflechi tout tan sou tout zèv Ou yo,
pou m sonje nan kè m tout sa Ou te fè.
Mwen sonje ansyen jou yo.
Mwen reflechi tout tan sou tout sa Ou te fè.
Mwen panse sou zèv men Ou yo.
Nou te reflechi sou lanmou dous
Ou a, O Bondye, nan mitan tanp Ou a.
Mwen va chante a SENYÈ a toutotan ke m ap viv.
Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.
Kite refleksyon mwen yo fè L plezi.
Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.