Misericórdia
A misericórdia de Deus é eterna e inesgotável. Ele se compadece dos que sofrem, perdoa os arrependidos e derrama graça sobre os que não merecem. Grande é a sua fidelidade.
A misericórdia de Deus
Quem é Deus como tu, que perdoa a iniquidade? Ele se deleita em ter misericórdia e não retém a ira para sempre.
Se kilès ki yon Bondye tankou Ou,
ki padone inikite,
e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li?
Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an,
akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.
Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.
Selon grandè a mizerikòd ou,
efase transgresyon mwen yo.
Lave m nèt de inikite mwen yo e
netwaye m de peche mwen an.
Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a,
Paske se yo ki la depi tan ale nèt.
Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo.
Selon lanmou dous Ou, sonje mwen,
Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.
Soti nan pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.
SENYÈ, koute vwa mwen!
Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.
Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen.
Lanmou dous Ou avèk verite Ou va
prezève mwen tout tan.
Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou
va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,
E mwen va viv lakay
SENYÈ a jis pou tout tan.
Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,
se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.
Graça e perdão
Onde o pecado abundou, superabundou a graça. Deus convida todos ao arrependimento e promete perdão total aos que confessam.
Men kado gratis la pa sanble avèk transgresyon an. Paske si akoz transgresyon a yon sèl moun, anpil moun te mouri, menm bokou plis ke sa, lagras Bondye, ak kado pa lagras a yon sèl òm, Jésus Kri, vin jistifye anpil moun.
Kisa Ankò? Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt!
Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a.
Men Li te di mwen: "Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès". Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;
men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.
Kite mechan an abandone chemen li an,
ak pechè a, panse li yo.
Kite li retounen kote SENYÈ a
e Li va gen mizerikòd sou li;
anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.
Konsa, SENYÈ a ap tan. Li vle fè nou gras pou Li kapab egzalte, pou Li kapab fè nou mizerikòd. Paske SENYÈ a se yon Bondye de jistis. A la beni tout sila k ap tan Li yo beni!
Misericórdia e compaixão
Misericórdia quero e não sacrifício. Deus nos chama a ser misericordiosos como Ele é, perdoando e acolhendo o próximo.
Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo."
Apre sa, Pierre te vin kote L e te mande L: "Senyè, konbyen fwa frè m kapab peche kont mwen pou m toujou padone l? Jis sèt fwa?"
Jésus te reponn li: "Mwen p ap di ou sèt fwa, men jiska swasann-dis fwa sèt.
"Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm.
Men nan gran mizerikòd Ou, Ou pa t fini ak yo, ni abandone yo, paske Ou menm se yon Bondye gras avèk mizerikòd.
L ale byen pou nonm nan ki gen mizerikòd e ki prete;
Li va prezève koz li a nan jijman an.
Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou,
epi konfime pou nou menm, zèv men nou yo.
Wi, konfime zèv men nou yo.
Acessar a misericórdia
Cheguemos com confiança ao trono da graça. Ali encontramos misericórdia e graça para socorro no tempo oportuno.
Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.
"Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl.
Paske, a nou menm li te vin pèmèt, pou koz a Kris la, non sèlman pou kwè nan Li, men osi pou soufri pou koz Li.
Alò, Ézéchias te voye kote tout Israël avèk Juda, e anplis, li te ekri lèt a Éphraïm avèk Manassé pou yo ta vini lakay SENYÈ a Jérusalem pou selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la. Paske wa a avèk chèf pa li yo ak tout asanble Jérusalem nan te pran desizyon pou selebre Pak la nan dezyèm mwa a. Yo fè sa akoz yo pa t ka selebre li nan lè sa a, akoz prèt yo potko konsakre yo menm an kantite ase, ni pèp la potko rasanble Jérusalem. Konsa, bagay la te kòrèk nan zye a wa a avèk tout asanble a. Pou sa, yo te etabli yon dekrè pou sikile kòm yon pwoklamasyon pami tout Israël soti nan Beer-Schéba jis rive menm nan Dan, pou yo ta kapab vin selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la, Jérusalem. Paske yo pa t selebre li an gran nonb depi lè li te premye etabli a.
Mesaje yo te ale patou nan tout Israël avèk Juda avèk lèt soti nan men a wa a avèk chèf li yo menm, selon lòd a wa a. Yo te di: "O fis Israël yo, retounen kote SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Isaac, avèk Israël la, pou Li kapab retounen kote sila nan nou ki fin chape e retire soti nan men a wa Asiryen yo. Pa fè tankou papa zansèt nou yo avèk frè nou yo ki pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo, jiskaske li te fè yo parèt tankou yon laperèz etonan, jan nou wè a. Alò, pa fè tèt di tankou papa zansèt nou yo, men bay plas a SENYÈ a. Antre nan sanktyè ke Li te konsakre jis pou tout tan an, e sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kòlè Li k ap brile a kapab vire kite nou. Paske si nou retounen kote SENYÈ a, frè nou yo avèk fis nou yo va jwenn mizerikòd devan sila ki te mennen yo an kaptivite yo, e yo va retounen nan peyi sa a. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, plen gras avèk konpasyon e Li p ap vire fas Li kite nou si nou retounen kote Li."
Pou sa, mesaje yo te pase soti nan yon vil a yon lòt vil, toupatou nan peyi Éphraïm avèk Manassé, e soti rive Zabulon. Men yo te fè grimas sou yo, yo te giyonnen yo, e moke yo. Sepandan, kèk nan mesye Aser yo, Manassé, avèk Zabulon yo te imilye yo, e yo te vini Jérusalem. Anplis, men Bondye te sou Juda pou bay yo yon sèl kè pou fè sa ke wa a avèk chèf yo te kòmande yo a, pa pawòl SENYÈ a.
Alò, anpil moun te rasanble Jérusalem pou selebre Fèt Pen San Ledven an nan dezyèm mwa a, yon asanble ki te trè trè gran. Yo te leve e te retire fo lotèl ki te Jérusalem yo. Anplis, yo te retire tout fo lotèl lansan yo e te jete yo nan flèv Cédron an. Epi yo te touye jèn mouton Pak yo nan katòzyèm jou nan dezyèm mwa a. Konsa, prèt yo avèk Levit yo te vin wont a yo menm, e te konsakre yo menm, e te pote ofrann brile yo lakay SENYÈ a. Yo te kanpe nan estasyon pa yo selon koutim pa yo, selon lalwa Moïse la, nonm Bondye a. Prèt yo te aspèje san ke yo te resevwa nan men Levit yo. Paske te gen anpil prèt nan asanble a ki pa t konsakre yo menm. Pou sa, Levit yo te responsab pou touye jèn mouton Pak yo ki te pou tout sila ki pa t pwòp yo, pou yo ta kapab vin konsakre yo a SENYÈ a. Paske yon foul nan pèp la, menm anpil nan Éphraïm avèk Manassé, Issacar ak Zabulon pa t pirifye yo menm, sepandan yo te manje Pak la yon lòt jan ke sa ki te premye etabli a. Paske Ézéchias te priye pou yo e te di: "Ke SENYÈ a kapab padone tout sila ki prepare kè yo pou chache Bondye, SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, malgre se pa selon règleman pou pirifikasyon nan sanktyè a."
Pou sa, SENYÈ a te tande Ézéchias e te geri pèp la. Fis a Israël ki te la Jérusalem yo te selebre Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk gran jwa, e Levit yo avèk prèt yo te louwe SENYÈ a, jou apre jou, avèk enstriman ki te fè gwo son a SENYÈ a. Epi Ézéchias te pale ankourajman a tout Levit ki te montre gwo kapasite pou afè SENYÈ yo. Konsa, yo te manje pandan sèt jou ki te chwazi yo pandan yo t ap fè sakrifis ofrann lapè yo e t ap bay remèsiman a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo a.
Anfen, tout asanble a te deside selebre yon lòt sèt jou ankò, e yo te selebre sèt jou yo avèk kè kontan. Paske Ézéchias, wa Juda a, te bay asanble a mil towo ak sèt-mil mouton; epi prens yo te bay yon mil towo ak di-mil mouton. Konsa, yon gran kantite nan prèt yo te konsakre yo menm. Tout asanble Juda a te rejwi avèk prèt yo ak Levit yo ak tout asanble ki te sòti an Israël la, ni vwayajè ki te sòti nan peyi Israël yo ansanm ak sila ki te rete Juda yo. Konsa, te gen gwo lajwa Jérusalem, akoz pa t janm genyen yon bagay parèy a sa Jérusalem depi nan jou a Salomon yo, fis David la, wa Israël la. Epi prèt Levit yo te leve pou te beni pèp la. Vwa yo te tande, e lapriyè yo te rive nan lye sen Li an, menm nan syèl la.
Bondye di: "Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire," deklare SENYÈ a.
"Leve zye ou pou wè mòn toutouni yo epi gade: "Se ki kote yo pa t kouche ak nou? Akote chemen yo, ou te chita tann yo. Tankou yon Arab nan dezè, ou te pouri peyi a ak pwostitisyon ou ak mechanste ou. Akoz sa, farinaj lapli te vin sispann e lapli sezon prentan pa t rive. Men fon ou te gen yon fontèn pwostitiye; ou te refize vin wont. Se pa depi koulye a, ou va rele a Mwen: ‘Papa mwen, ou se zanmi jenès mwen’?
"‘Èske Li va fache jis pou tout tan? Èske Li va ensanse ak kòlè jiska lafen?’ Gade byen, ou te pale, ou te fè bagay ki mal e ou te fè pwòp volonte ou."
Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: "Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye. Mwen te reflechi: ‘Apre li fin fè tout bagay sa yo, li va retounen kote Mwen.’ Men li pa t retounen e sè trèt li a, Juda, te wè l. Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou. Akoz li te pran pwostitiye li a kon yon bagay lejè, li te pouri peyi a e te fè adiltè ak wòch ak pyebwa. Men malgre tout sa, sè trèt li a, Juda, pa t retounen kote Mwen ak tout kè l, men pito ak desepsyon", deklare SENYÈ a.
Konsa, SENYÈ a te di m: "Israël enfidèl la te montre li pi dwat pase trèt la, Juda. Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan. Sèlman rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’" deklare SENYÈ a. "Retounen, O fis enfidèl," deklare SENYÈ a, "paske Mwen se yon mèt pou nou. Mwen va retire de nou, youn nan yon vil e de nan yon fanmi, e Mwen va mennen nou Sion." "Konsa, Mwen va bannou bèje selon pwòp kè Mwen, ki va fè nou manje sou konesans ak bon konprann. Li va vin rive nan jou sa yo ke lè nou vin ogmante, e vin anpil nan peyi a", deklare SENYÈ a, "yo p ap di mo ankò: ‘Lach akò SENYÈ a’. Ni sa p ap vini nan tèt yo. Yo p ap sonje li, yo p ap remake pèt li, ni li p ap refèt ankò. Nan lè sa a, yo va rele Jérusalem: ‘Twòn SENYÈ a’ e tout nasyon yo va rasanble vè li; vè Jérusalem, vè non SENYÈ a. Ni yo p ap ankò mache ak tèt di ak kè mechan yo. Nan jou sa yo, lakay Juda va mache ak lakay Israël, e yo va vini ansanm sòti nan peyi nò pou rive nan peyi ke Mwen te bay a papa zansèt nou yo kon eritaj la."
"Epi Mwen te di: ‘Kòman Mwen fè lanvi pou plase ou pami fis Mwen yo, e bay ou yon bèl peyi, eritaj ki pi bèl pami nasyon yo!’ Epi Mwen te di: ‘Ou va rele Mwen: "Papa Mwen", e ou p ap detounen sispann swiv Mwen.’"
"Anverite, kon yon fanm fè trèt pou kite mari li, se konsa ou te fè trèt kite Mwen, O lakay Israël", deklare SENYÈ a. Yon vwa vin tande sou wotè mòn vid yo; vwa k ap kriye ak vwa siplikasyon a fis Israël yo; akoz yo te pèvèti chemen yo, yo te bliye SENYÈ a, Bondye yo. "Retounen, O fis enfidèl, Mwen va geri enfidelite ou."
"Gade byen, nou vin kote Ou; paske Ou se SENYÈ a, Bondye nou an. Anverite, soutyèn kolin yo se yon desepsyon, yon zen sou mòn yo. Anverite, SENYÈ a, Bondye nou an, se sali Israël. Men afè wont sa a te manje fòs zèv zansèt nou yo depi nan jenès nou. Li te manje bann mouton yo ak twoupo yo, fis ak fi yo. Kite nou kouche nan wont nou, e kite imilyasyon kouvre nou. Paske nou te peche kontre Senyè a, nou menm ak papa nou yo, depi nan jenès nou yo, jis rive menm jodi a. E nou pa t obeyi lavwa Senyè a, papa nou.