Publicidade

Não temas

Por Bíblia Online

'Não temas' é uma das frases mais repetidas na Bíblia. Deus a pronuncia nos momentos de maior temor, lembrando que sua presença e poder são maiores que qualquer ameaça.

Deus está contigo

Não temas, porque eu sou contigo. Deus repete essa promessa em cada crise, guerra e desafio que seus filhos enfrentam.

Pa pè, paske Mwen avèk ou.

Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

Mwen va fòtifye ou.

Anverite Mwen va bay ou sekou.

Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

men dwat Mwen.

Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

ki soutni men dwat Ou,

ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.

"Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la,

nou menm mesye Israël yo.

Mwen va ede nou", deklare SENYÈ a.

"Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.

Mete ou menm sou yon mòn ki wo,

O Sion, ki pote bòn nouvèl.

Leve vwa ou wo ak gwo pouvwa,

O Jérusalem, ki pote bòn nouvèl la!

Leve wo! Pa pè anyen!

Di a vil Juda yo: Men Bondye nou an!

"Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale."

Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou.

Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: "Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran."

Coragem diante do perigo

Não tenhas medo — o Senhor teu Deus está no meio de ti, poderoso para salvar. Ele luta por nós e dá forças aos medrosos.

Nan jou sa a, sa va di a Jérusalem: Pa pè anyen, O Sion! Pa kite men ou vin fèb. SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.

Konsa, li te reponn: "Pa pè, paske sila ki avèk nou yo plis pase sila ki avèk yo a." Epi Élisée te priye e te di: "O SENYÈ, Mwen priye, ouvri zye li pou li kapab wè." Epi SENYÈ a te ouvri zye a sèvitè li pou li te wè. Men vwala, tout mòn nan te ranpli avèk cheval avèk cha dife toupatou te antoure Élisée.

Pinga nou pè, O peyi a!

Rejwi e fè kè nou kontan,

paske SENYÈ a te fè gwo bagay.

Men SENYÈ a te di mwen: "Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l. Pa pè yo, Paske Mwen avèk ou pou delivre ou", SENYÈ a di.

Epi Senyè a te di Paul nan yon vizyon pandan nwit lan: "Pa pè ankò, men kontinye pale, e pa fè silans; paske Mwen avèk ou, e nanpwen moun k ap atake ou pou fè ou mal, paske Mwen gen anpil moun nan vil sa a."

Epi ou menm, fis a lòm, pa krent yo ni krent pawòl yo, malgre pikan ak zepin avèk ou, e malgre ou chita pami eskòpyon yo. Ni pa krent pawòl yo, ni twouble nan prezans yo, paske se yon kay rebèl ke yo ye. Men ou va pale pawòl Mwen yo avèk yo, menm si yo koute oswa yo pa koute, paske se rebèl yo ye.

Fé que vence o medo

O medo não vem de Deus. Jesus disse: não temas, crê somente! A fé dissipa o medo e nos conecta ao poder de Deus.

Men Jésus te gen tan tande sa ki t ap pale a, e te di a ofisye sinagòg la: "Pa pè ankò; sèlman kwè".

"Pa pè pou sa nou prèt pou soufri yo. Veye, dyab la prèt pou voye kèk nan nou nan prizon, pou nou kab pase a leprèv, e nou va gen tribilasyon pandan di jou. Rete fidèl jiska lanmò, e mwen va bannou kouwòn lavi a.

Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.

Men pandan li t ap anvizaje sa, konsa, yon zanj Bondye te parèt devan li nan yon rèv epi te di l konsa:

"Joseph, fis a David la, ou pa bezwen pè pran Marie kon madanm ou; pwiske sa ki gen tan plase nan vant li an, soti nan Lespri Sen an.

Konsa zanj lan te di l: "Ou pa bezwen krent, Marie, paske ou gen tan twouve favè ak Bondye.

Men lè Simon Pierre te wè sa, li te tonbe nan pye Jésus. Li te di L: "Ale lwen mwen, paske se yon pechè mwen ye, O Senyè!"

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-22_10-02-25-