Nova aliança
A Nova Aliança é o pacto de graça que Deus estabeleceu através de Jesus Cristo. Diferente da antiga, ela é escrita no coração, mediada pelo sangue de Cristo e acessível a todos.
A profecia da Nova Aliança
Jeremias profetizou uma aliança nova em que Deus escreveria sua lei no coração do povo. Essa promessa se cumpriu em Cristo.
"Gade byen, jou yo ap vini", deklare SENYÈ a: "lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda, pa tankou akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a," deklare SENYÈ a. "Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo", deklare SENYÈ a:
"Mwen va mete lalwa M anndan yo
e sou kè yo Mwen va ekri l;
epi Mwen va Bondye yo,
e yo va pèp Mwen.
"Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li,
e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’
paske yo tout va konnen Mwen,
soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,"
deklare SENYÈ a,
"paske Mwen va padone inikite yo,
e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò."
Men koulye a, Li vin gen yon èv ki pi ekselan, paske Li se osi medyatè a yon pi bon akò, ki te etabli sou pi bon pwomès yo.
Paske si premye akò sa a te san defo, pa t ap gen yon rezon pou yon dezyèm.
Lè L te di: "Yon akò tounèf", Li fè premye a epwize nèt. Men, nenpòt sa ki vin epwize a, e ki vin vye, prè pou vin disparèt.
Konbyen anplis ke sa, Jésus gen tan vin garanti a yon pi bon akò.
Selada com sangue
Jesus instituiu a Nova Aliança na Última Ceia: 'Este cálice é a nova aliança no meu sangue.' Seu sacrifício é definitivo e perfeito.
Menm jan an, Li te pran tas la lè yo te fin manje e te di: "Tas sa se akò nèf de san Mwen an ki vide nèt pou nou.
Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: "Bwè ladann, nou tout; paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo.
konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?
Pou rezon sila a, Li se medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon mò gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la.
Paske kote denyè testaman akò mò a ye, fòk gen lanmò a sila ki te fè l la. Paske yon denyè testaman akò mò valab sèlman lè moun mouri, paske li pa janm an fòs pandan sila ki te fè l la toujou vivan.
Konsa, menm premye akò a pa t inogire san san. Paske lè tout kòmandman yo te fin pale pa Moïse a tout pèp la selon Lalwa li te pran san a towo ak kabrit avèk dlo, lenn wouj ak izòp, e te aspèje yo ni sou liv la, ak tout pèp la. E konsa li te di: "Sa se san akò ke Bondye te kòmande nou an."
Paske Lalwa a, akoz ke se sèlman yon lonbraj a bon bagay k ap vini yo, e ki pa vrè fòm a bagay sa yo, pa janm kapab, ak menm sakrifis ke yo ofri, tout tan ane apre ane yo fè vin pafè moun ki te rapwoche de li yo. Otreman, èske yo pa t ap sispann ofri sakrifis sa yo, akoz de adoratè yo, lè yo te fin netwaye yon fwa, yo pa t ap vin sanse pechè ankò?
Men nan sakrifis sa yo, gen yon sistèm pou sonje peche yo ane apre ane. Paske se enposib pou san towo ak kabrit efase peche.
Reconciliação e vida nova
Pela Nova Aliança somos reconciliados com Deus, trazidos para perto pelo sangue de Cristo e feitos embaixadores da reconciliação.
Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf. Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an. Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.
Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye. Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.
Yon konfyans konsa ke nou genyen atravè Kris la vè Bondye. Se pa ke nou ase fò nan nou menm pou konsidere ke tout bagay kapab sòti nan nou menm, men fòs nou an soti nan Bondye. Ki te osi fè nou ase fò tankou sèvitè a yon akò tounèf, pa selon lèt la, men selon Lespri a. Paske lèt la touye, men Lespri a bay lavi.
Konsa, sonje, ke oparavan, nou menm, pèp etranje nan lachè yo, ki rele "Ensikonsi" pa sila ki rele pwòp tèt yo "Sikonsi" yo, ki fèt nan lachè pa men a lòm, sonje ke nou te nan tan sa a separe de Kris, andeyò de kominote Israël la, e etranje selon akò pwomès yo, san espwa, e san Bondye nan mond lan. Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè pa san a Kris la.
Nan sa se lamou; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).