Pecado
O pecado é a realidade que separa a humanidade de Deus. Mas a Bíblia também revela a solução: o sangue de Cristo que nos purifica e a graça que nos liberta de toda condenação.
A universalidade do pecado
Todos pecaram e carecem da glória de Deus. Não há justo, nem sequer um. O pecado entrou no mundo por um homem, mas a graça veio por Jesus.
Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a.
Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a,
Paske pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche.
Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.
Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp.
Tout zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt;
konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy,
e inikite nou yo tankou van, pote nou ale.
Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Peche a se transgresyon lalwa.
Liberdade da condenação
Não há condenação para os que estão em Cristo Jesus. Ele nos libertou da lei do pecado e da morte para vivermos em novidade de vida.
Konsa nanpwen okenn kondanasyon pou sila ki nan Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a.
Konsa, pa kite peche reye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo. Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati. Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.
Kisa Ankò? Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt! Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a. Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.
Kisa Ankò? Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt!
Paske nou konnen ke Lalwa a baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche. Paske sa ke m ap fè yo, mwen pa konprann yo. Mwen p ap pratike sa ke m ta renmen fè, men m ap fè bagay ke m rayi. Men si m fè bagay m pito pa vle fè a, mwen vin dakò avèk Lalwa a, e admèt ke Lalwa a bon. Donk Koulye a se pa mwen k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an.
Jésus te reponn yo "Anverite, anverite, Mwen di nou, tout moun ki fè peche se esklav a peche a.
Confissão e perdão
Se confessarmos os nossos pecados, Deus é fiel e justo para nos perdoar e purificar de toda injustiça. A confissão liberta a alma.
Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a.
Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.
Selon grandè a mizerikòd ou,
efase transgresyon mwen yo.
Lave m nèt de inikite mwen yo e
netwaye m de peche mwen an.
Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,
e te fè mal devan zye Ou.
Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.
Gade byen, mwen te fèt nan inikite,
e se nan peche manman m te vin ansent mwen.
Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt.
Nan pati kache anndan m, Ou va fè m konnen sajès.
Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp.
Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.
Fè m tande lajwa avèk kè kontan,
pou zo ke Ou te kase yo, vin rejwi.
Kache figi Ou de peche m yo.
Efase tout inikite mwen yo.
Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou,
e inikite mwen, mwen pa t ankò kache.
Mwen te di: "Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a",
epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.
A la beni se sila ki padone pou transgresyon li,
pou peche li ki kouvri a!
Pou koz a non Ou, O SENYÈ,
padone inikite mwen, paske li anpil.
Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a,
Paske se yo ki la depi tan ale nèt.
Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo.
Selon lanmou dous Ou, sonje mwen,
Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.
Se kilès ki kab rekonèt fot li?
Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.
Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;
men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.
Vencendo o pecado
Cristo nos resgatou e nos restaurou. Devemos mortificar as obras da carne, fugir do pecado e prosseguir em santidade.
Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.
Li va fè yon fis, epi ou va rele li Jésus paske se Li menm ki va sove pèp li a de peche yo."
Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.
konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.
Men sila ki pratike peche se a dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman a. Fis a Bondye te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.
Nou konnen ke okenn ki ne a Bondye fè peche; men Li ki te ne de Bondye a kenbe li menm, epi mechan an p ap touche li.
Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri.
Men ni imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo.
Pa patisipe nan zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans ekspoze yo. Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm.
"Fè fache, e malgre sa pa peche"; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a,
Responsabilidade e restauração
O pecado tem consequências, mas Deus restaura o arrependido. Devemos corrigir uns aos outros com mansidão e cobrir o pecado com amor.
Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante.
Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.
"Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a.
"Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a.
Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.
E poukisa nou gade ti kras poud ki nan zye frè nou an, men nou pa wè gwo bout bwa ki nan zye pa nou an?
"Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm.
Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri.
Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay.
Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.
Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.
Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.
Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa.
Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.
Fuga do pecado
Bem-aventurado o que não anda no conselho dos ímpios. O caminho do justo é guardado pelo Senhor, e sua Palavra nos protege da queda.
Beni se nonm ki pa mache nan konsèy
mechan yo
ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
Byen etabli tout pa mwen yo nan pawòl Ou,
e pa kite inikite vin domine sou mwen.
Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite;
men sila ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.
"Yon bon nonm, nan trezò a kè li, pote sa ki bon; epi moun mechan an nan trezò mechan an va fè parèt sa ki mechan; paske bouch li pale sa ki ranpli kè li.
Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a.
Pilate te parèt deyò ankò epi te di: "Gade byen, mwen mennen L devan nou ankò pou nou ka konnen ke m pa twouve okenn koupabilite nan Li."
Konsa Jésus te vin parèt abiye avèk kouwòn pikan an ak gwo vètman mov la. Epi Pilate te di yo: "Gade nonm nan!"
Konsa, lè chèf prèt yo ak ofisye yo te wè Li, yo te kriye fò e te di: "Krisifye! Krisifye!"
Pilate te di yo: "Pran Li nou menm epi krisifye Li, paske mwen pa twouve okenn koupabilite nan Li."
"Si nou padonnen peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padonnen. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe."
Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou. Dezi li se pou ou, men ou oblije vin mèt li."