Publicidade

Pensamentos

Por Bíblia Online

A Bíblia ensina que somos fruto dos nossos pensamentos. Por isso, Deus nos chama a renovar a mente, pensar em coisas nobres e guardar o coração com toda diligência.

Pensar no que é bom

Paulo nos exorta a pensar no que é verdadeiro, honesto, justo, puro, amável e de boa fama. A mente renovada é o caminho da transformação.

Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.

Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a

Koulye a, a Li menm ki kapab bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.

Guardar a mente

A Palavra de Deus discerne os pensamentos e intenções do coração. Guardar a mente é proteger a alma das armadilhas do pecado.

Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de . Li penetre rive jis l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a yo.

Veye sou ou ak tout dilijans;

paske de li, sous lavi yo koule.

Veye wout pye ou konn pran

e tout chemen ou yo va byen etabli.

Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm;

men fen li se chemen lanmò an.

Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li;

men SENYÈ a peze yo.

Os caminhos de Deus são mais altos

Os pensamentos de Deus são infinitamente superiores aos nossos. Devemos entregar nossos pensamentos a Ele e confiar em sua sabedoria.

"Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w,

ni wout ou yo se pa wout pa M", deklare SENYÈ a.

Kite mechan an abandone chemen li an,

ak pechè a, panse li yo.

Kite li retounen kote SENYÈ a

e Li va gen mizerikòd sou li;

anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.

Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a,

e plan ou yo va etabli.

Sonde mwen, O Bondye e konnen mwen.

Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.

Konsa, si gen okenn move chemen nan mwen e

mennen mwen nan chemen etènèl la.

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

O SENYÈ, Ou te sonde mwen e te konnen mwen.

Ou konnen m chita ak m leve.

Ou konprann panse mwen yo de lwen.

Pensamento e conduta

Do coração procedem os males. A Bíblia nos adverte a não se preocupar excessivamente e a ter pensamentos sóbrios e disciplinados.

Li te di: "Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. Paske pa anndan, sòti nan lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm."

"Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e a plis ke rad nou mete sou li?

"nou ap priye, pa itilize anpil mo vag, e san sans jan payen yo konn a; paske yo sipoze ke lapriyè yo ap tande akoz anpil mo.

Antre tan an, apre anpil milye moun te rasanble ansanm jiskaske youn t ap mache sou lòt, Li te kòmanse pale a disip Li yo dabò: "Veye ledven Farizyen yo ki se ipokrizi.

"Men pa gen anyen ki kouvri ki p ap vin parèt, e ki kache ki p ap konnen. Konsa, Nenpòt sa ke nou di nan tenèb va tande nan limyè, e sa nou te pale ak vwa ba, menm nan chanm pa anndan yo va pwoklame sou twati kay yo.

"Mwen di nou, zanmi Mwen yo, pa sa yo ki kapab touye a, men apre sa pa gen plis ke yo kab . "Men Mwen avèti nou kilès pou nou krent; krent Sila a ki L fin touye, gen otorite pou jete nan lanfè; wi, Mwen di nou, krent Li!

"Èske senk zwazo pa vann pou de santim? Malgre sa, nanpwen youn nan yo ki bliye devan Bondye. Anverite, menm cheve nan tèt nou yo kontwole. Pa krent, nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.

" Mwen di nou, tout sila yo ki konfese M devan lèzòm, Fis a Lòm nan va konfese l tou devan zanj a Bondye yo; men sila ki refize rekonèt Mwen devan lòm, va rejte devan zanj Bondye yo.

"Epi Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, li va padone; men sila ki blasfèm kont Lespri Sen an, p ap padone.

"yo mennen nou devan sinagòg yo, ak gwo chèf avèk otorite yo, pa twouble nou de kisa nou va pale kòm defans nou, ni kisa nou gen pou di; paske Lespri Sen an va montre nou nan menm sa a, kisa nou dwe di."

Yon moun nan foul la te di Li: "Mèt, pale frè m nan pou divize eritaj la avè m."

Men Li te di li: "Mesye, kilès ki te mete M jij oswa medyatè antre nou?"

Answit Li te di yo: "atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede."

Konsa, Li te bay yo yon parabòl: "a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil."

"Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: Kisa pou m ta ; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?

"Answit li te di: Men kisa m ap ; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo. Epi mwen va di a nanm mwen: Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou."

"Men Bondye te di l: Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?

"Konsa se mesye la ki ranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye."

Li te di sa a disip Li yo: "Pou rezon sa a, Mwen di nou, pa twouble pou lavi, pou sa nou va manje, ni pou nou, konsi, pou kijan nou ap abiye nou. Paske lavi plis ke manje, e a plis ke vètman.

"Konsidere kòbo yo, paske yo pa simen, ni yo pa rekòlte; epi yo pa gen depo ni pwotèj, men Bondye bay yo manje. Konbyen plis valè nou genyen pase zwazo yo.

"Epi kilès nan nou ki kab twouble a ogmante menm yon èdtan nan longè lavi li? Si pou sa nou pa kapab menm yon ti bagay, poukisa nou twouble pou lòt bagay?

"Konsidere flè lis yo, jan yo grandi; yo pa travay ni twal, men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t abiye li menm tankou youn nan sa yo. Men si Bondye abiye zèb nan chan yo ki jodi a vivan, e demen ap jete nan founèz la, konbyen anplis li va abiye nou, o moun ti lafwa piti!

"Konsa, pa mande kisa nou va manje, ni kisa nou va bwè, e pa kontinye enkyete nou. Paske tout bagay sa yo, tout nasyon nan mond lan chache yo avèk lanvi pa yo; men Papa nou konnen ke nou bezwen bagay sa yo. Men chache wayòm Li, e bagay sa yo va vini a nou tou.

"Pa krent, ti bann nan, paske Papa nou te chwazi avèk jwa pou bannou wayòm nan.

"Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi. Paske kote trezò nou ye, se la nou va ye tou.

"Rete abiye tout tan, byen parèt, avèk lanp nou toujou limen.

"tankou mesye k ap tann mèt yo l retounen apre fèt maryaj la, pou yo kapab ouvri pòt la imedyatman l fin frape. Beni se esklav sila yo ke mèt la va twouve k ap byen veye l vini. Anverite Mwen di nou keli va mare senti li pou sèvi yo. Li va yo repoze sou tab la, e li va vini pou bay yo sèvis. Menm si l vini nan dezyèm oubyen twazyèm nwit lan, e li twouve yo konsa, se beni esklav sa a va ye.

"Men, byen konnen sa, ke si mèt kay la te konnen a kilè vòlè a t ap vini, li pa t ap kite l kase kay la. Nou tou, rete vijilan; paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon ke nou pa ta sipoze.

"Pierre te di: Senyè, èske W ap bay parabòl sa pou nou, oubyen pou tout lòt yo tou?"

Senyè a te reponn: "Alò, kilès ki se jeran fidèl e abil ke mèt li va mete an chaj tout lòt sèvitè yo, pou bay yo manje yo nan li dwe fèt? Beni se esklav sila a ke mèt la twouve ap sa l vini an. Anverite Mwen di nou ke li va mete li an chaj de tout byen li yo.

"Men si esklav la di nan l: Mèt mwen ap mize pou rive, epi li kòmanse bat esklav yo, ni fanm, ni gason, epi manje, bwè, e vin sou; mèt esklav sa a va vini nan yon jou ke li pa prevwa, nan yon ke li pa konnen, e li va koupe li an mòso, e mete li yon kote avèk enkwayan yo.

"Alò esklav sa a ki te konnen volonte a mèt li a; men pa t prepare ni aji an akò avèk volonte l, va resevwa anpil kout fwèt. Men sila ki pa t konnen, men te zak ki te merite kou, p ap resevwa plis ke kèk.

"Pou tout sila yo ki te resevwa anpil konprann, anpil ap egzije de yo; e a sila ki te konfye anpil, a li menm y ap mande menm plis.

"Mwen vini pou voye dife sou latè; e kijan Mwen ta kontan si li te deja limen!

"Men Mwen gen yon batèm pou M pase, e kijan sa twouble M jiskaske li fin acheve!

"Èske nou sipoze ke Mwen te vini pou bay lapè sou latè? Mwen di nou non, men olye sa, divizyon. Paske depi koulye a, senk moun nan yon kay va divize, twa kont de, e de kont twa. Yo va divize, papa kont fis, e fis kont papa; manman kont fi, e fi kont manman; bèlmè kont bèlfi, e bèlfi kont bèlmè."

Li t ap di anplis a foul la: "nou yon nwaj k ap leve nan lwès, imedyatman nou di :L ap lapli, e se konsa sa rive. Epi nou yon van sid k ap soufle, nou di: L ap chalè, e se konsa sa rive. Ipokrit nou ye! Nou konnen kijan pou nou analize aparans a a, avèk syèl la, men poukisa nou pa analize tan prezan sila a?

" "Poukisa nou menm pou kont nou pa jije sa ki bon? Paske pandan nou ap rive devan majistra avèk advèsè nou, menm nan wout la, yon efò pou antann avè l; pou li pa mennen nou devan jij la, e jij la livre nou a ofisye jistis la, k ap jete nou nan prizon. Mwen di nou, nou p ap sòti la jiskaske nou fin peye dènye santim nan."

"Mwen te yon akò ak zye m;

alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?

Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.

Koulye a, mwen egzòte nou, frè yo, pa non a Senyè nou an, Jésus Kri, pou nou tout vin antann nou, pou pa gen divizyon pami nou, men pou nou vin konplè nan menm panse ak nan menm jijman.

Paske kilès pami lòm ki konnen panse a lòm eksepte lespri a lòm ki anndan li menm nan? Menm jan an, panse a Bondye yo; pèsòn pa konnen yo eksepte Lespri Bondye a.

Pa kite pèsòn twonpe tèt li si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.

Seja o primeiro
Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-28_14-13-17-