Proximidade
Deus é próximo dos que o buscam. Ele não é um Deus distante, mas presente, íntimo e acessível a todo o que o invoca com sinceridade de coração.
Buscar a presença de Deus
A Bíblia nos exorta a buscar a face do Senhor continuamente. Quem se aproxima dele encontra plenitude de alegria e delícias perpétuas.
Chache SENYÈ a ak fòs Li.
Chache fas Li san rete.
Chache SENYÈ a avèk fòs Li.
Chache figi Li san rete.
Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;
rele Li pandan Li toupre a.
Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a;
se li mwen va chache:
pou m ta kab rete lakay SENYÈ a
tout jou lavi m yo,
pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e
reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.
Paske yon sèl jou nan lakou Ou a,
pi bon pase mil jou deyò.
Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an,
pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.
Ou va fè m rekonèt chemen lavi a.
Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.
Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.
Deus está perto
O Senhor está perto dos que o invocam, dos quebrantados de coração e dos que clamam por socorro. Sua presença nos sustenta.
Moun dwat kriye.
SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,
epi sove sila ki kraze nan lespri yo.
Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre.
Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè pa san a Kris la.
Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou
va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,
E mwen va viv lakay
SENYÈ a jis pou tout tan.
A presença que nunca abandona
Deus promete nunca nos deixar. Ele permanece fiel, está conosco em todo tempo e envia o Espírito para habitar em nossos corações.
"Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou.
Ke SENYÈ a, Bondye nou an, kapab avèk nou, jan Li te ye avèk zansèt nou yo. Ke Li pa janm kite nou ni abandone nou,
Men nan gran mizerikòd Ou, Ou pa t fini ak yo, ni abandone yo, paske Ou menm se yon Bondye gras avèk mizerikòd.
Koulye a, ke Senyè lapè a, Li menm, kontinye bannou lapè nan tout sikonstans. Ke Senyè a avèk nou tout!
Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou.
Se konsa nou konnen ke nou rete nan Li epi Li nan nou, paske Li te bay nou Lespri Li.
Pèsòn pa janm wè Bondye. Men Fis inik la, ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.
Li te la avèk SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit. Li pa t manje pen, ni bwè dlo. Konsa, li te ekri sou tablo yo avèk pawòl akò yo, dis kòmandman yo.
Geri sila yo ki malad nan li. Di yo: Wayòm syèl la gen tan vin toupre nou".
Alò, Lespri Bondye a te vini sou Azaria, fis a Obed la. Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: "Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou. Pandan anpil jou, Israël te kon san vrè Bondye a, san enstriksyon, san prèt e san lalwa. Men nan gran twoub yo, yo te vire kote SENYÈ a, Bondye Israël la. Yo te chache Li e yo te jwenn Li. Nan tan sa yo, pa t gen lapè pou sila ki sòti, ni sila ki antre a, paske anpil gwo zen te twouble tout moun ki te rete nan peyi yo. Nasyon te kraze pa nasyon, vil pa vil, paske Bondye te twouble yo avèk tout kalite gwo twoub. Men nou menm, kenbe fèm e pa pèdi kouraj, paske gen rekonpans pou travay nou yo."
Lè Asa te tande pawòl sila yo avèk pwofesi ke Azaria, fis a Obed la, te pale a, li te pran kouraj, e li te retire zidòl abominab yo soti nan tout peyi Juda avèk Benjamin yo, ak nan vil ke li te kaptire nan peyi kolin Éphraïm yo. Lè l fini, li te restore lotèl SENYÈ a ki te devan galri SENYÈ a. Li te rasanble tout Juda avèk Benjamin avèk tout sila ki te sòti Éphraïm, Manassé ak Siméon yo, ki te rete avèk yo, paske anpil nan yo te vin jwenn li soti an Israël lè yo te wè ke SENYÈ a, Bondye a, te avèk li. Konsa, yo te rasanble Jérusalem nan twazyèm mwa, nan kenzyèm ane, nan règn Asa a. Yo te fè sakrifis bay SENYÈ a nan jou sa a, sèt-san bèf avèk sèt-mil mouton soti nan piyaj ke yo te pote a. Yo te antre nan akò pou chache SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, avèk tout kè yo ak nanm yo; epi ke nenpòt moun ki te refize chache SENYÈ a, Bondye Israël la, ta dwe mete a lanmò, piti kon gran, gason kon fanm. Anplis, yo te fè yon sèman bay SENYÈ avèk yon gwo kri, avèk twonpèt e avèk ti twonpèt wo vwa a. Tout Juda te rejwi akoz sèman an, paske yo te sèmante avèk tout kè yo. Yo te chache Li ak kè onèt yo, e Li te kite yo jwenn Li. Konsa, SENYÈ a te ba yo repo tout kote.
Anplis, li te retire Maaca, manman a Wa Asa a, nan pozisyon rèn nan, akoz li te fè imaj li byen abominab tankou yon Astarté, e Asa te fè koupe imaj abominab li a. Li te kraze li, e li brile li nan flèv Cédron an. Men wo plas yo pat retire soti an Israël; sepandan, kè Asa te san repwòch pandan tout jou li yo. Li te pote lakay SENYÈ a tout bagay dedye ki te pou papa li ak bagay dedye ki te pou li yo: ajan avèk lò avèk zouti. Epi pa t gen lagè ankò jis rive nan trann-senk ane règn a Asa a.