Publicidade

Recompensa

Por Bíblia Online

Deus recompensa os que o buscam com fé. A Bíblia está repleta de promessas de recompensa para os fiéis, os generosos, os perseverantes e os que servem ao Senhor de todo coração.

Deus recompensa a fé

Sem fé é impossível agradar a Deus, porque quem dele se aproxima precisa crer que Ele existe e recompensa os que o buscam diligentemente.

Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.

Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.

Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.

Men soti la, nou va chache SENYÈ a; epi nou va jwenn Li si nou chache Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou.

"Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri.

Pou sa, Mwen di nou, pou tout bagay ke nou priye e mande, kwè ke nou gen tan resevwa l deja, e li va fèt.

Recompensa pelo serviço

O Senhor vê cada ato de fidelidade e promete galardão aos que servem com dedicação. O servo bom e fiel será honrado.

"Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon e fidèl sèvitè. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’

Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.

Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.

Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.

Men anpil moun ki premye ap dènye, e dènye yo, ap vin premye."

Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li.

Generosidade e provisão

Quem dá com generosidade receberá em abundância. Deus supre todas as necessidades segundo as suas riquezas em glória.

"Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou."

Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la.

Geri malad yo, leve mò yo, pirifye lepre yo, chase move lespri yo. Nou te resevwa gratis, nou mèt bay gratis.

Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv.

Mechan an ranmase salè li nan koken;

men sila ki simen ladwati a, va twouve vrè rekonpans lan.

Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a

se richès, bon repitasyon, ak lavi.

Pa kite dousè ak verite kite ou.

Mare yo antoure kou ou.

Ekri yo sou tablo kè ou.

Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon

nan men Bondye a, ak moun.

Don a yon nonm fè kont espas pou li,

e mennen li devan moun enpòtan.

O que Deus reservou para os seus

Olhos não viram, ouvidos não ouviram o que Deus preparou para os que o amam. Suas recompensas eternas superam toda imaginação.

Men jan sa ekri a:

"Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande,

ki pa janm antre nan kè a lòm;

tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo."

M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo.

akoz nou wè ke pwisans diven Li an bannou tout bagay ki apatyen a lavi ak sentete, atravè vrè konesans a Li, ki te rele nou pa pwòp glwa ak ekselans Li.

Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen a ki te bay a nou menm nan.

Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?

Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl."

"Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.

"Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou.

mwen pouse rive vè objektif la, pou m genyen pri wo apèl Bondyenan Kris Jésus a.

Buscar, pedir, perseverar

Jesus ensinou: pedi e recebereis, buscai e achareis. Deus se alegra em dar boas dádivas aos seus filhos que pedem com fé.

Beni se sila yo ki grangou avèk swaf pou ladwati;

yo va satisfè.

"Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo.

"Men nou menm, lè nou ap priye, ale nan ti chanm andedan kay nou an, e fèmen pòt nou. Priye a Papa nou ki an sekrè a, e Papa nou ki wè an sekrè a ap bay nou rekonpans.

Chache sa ki bon e pa sa ki mal,

pou nou ka viv;

epi konsa, SENYÈ dèzame yo kapab avèk nou,

jis jan nou te pale a!

Mwen lonje men m vè Ou menm.

Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche.

Contentamento e eternidade

A verdadeira recompensa está na vida que Deus dá. O presente do trabalho, a satisfação no labor e a alegria no Senhor são dádivas de Deus.

Mwen konnen ke pa gen pi bon bagay pou yo ta fè pase rejwi e fè byen pandan yo gen lavi a. Anplis, pou tout moun ki manje ak bwè yo wè bonte Bondye nan tout travay li yo—se don Bondye sa ye.

Men sa mwen konn wè ki bon e ki pwòp pou moun fè a: manje, bwè e fè kè kontan nan tout travay ke li fè anba solèy la, pandan ti tan kout ke Bondye ba li a. Paske se sa ki rekonpans li.

Anplis, menm jan pou tout moun ke Bondye te bay richès ak byen yo, anplis Li te bay li kapasite pou manje ladann yo e rejwi nan travay li. Sa se don Bondye a.

Nou va mache nan tout chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou nou kapab viv e pou sa kapab ale byen pou nou, pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke nou va posede a.

Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou.

Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.

Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.

Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li.

Nou te temwen a bagay sa yo; e anplis Lespri Sen an ke Bondye bay a sila ki obeyi Li yo."

Alò, SENYÈ a te di a Moïse: "Vin monte vè Mwen nan mòn nan e rete la, epi Mwen va bay ou tab wòch yo avèk lalwa ak kòmandman ke M te ekri pou enstwi yo."

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-22_10-02-25-