Publicidade

Sacrifício

Por Bíblia Online

O sacrifício é o coração do evangelho. Jesus entregou tudo por nós na cruz, e somos chamados a oferecer nossas vidas como sacrifício vivo, agradável a Deus.

O sacrifício supremo de Cristo

Jesus deu a própria vida como resgate por muitos. Seu sacrifício na cruz é o ato supremo de amor de toda a história — o Justo morrendo pelos injustos.

Paske menm Fis a Lòm nan pa t vin pou yo sèvi Li, men pou bay vi li kon yon ranson pou anpil lòt."

Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun."

"Gade, n ap monte Jérusalem, epi Fis a Lòm nan ap livre a chèf prèt yo ak Skrib yo, e y ap kondane Li a lanmò. Konsa, y ap livre Li a payen yo pou yo ka moke L e bay Li kout fwèt, e y ap krisifye Li. Epi nan twazyèm jou a, L ap leve."

Yo te retire rad sou Li, e te abiye Li avèk yon vètman wouj. Epi yo fin trese yon kouwòn avèk bwa pikan, yo te mete li sou tèt Li, ak yon wozo nan men dwat Li. Yo te bese ajenou devan L pou te moke L. Yo te di L: "Salitasyon, Wa a Jwif yo!"

Jésus te kriye avèk yon gwo vwa, e te di: "Papa, nan men Ou Mwen remèt lespri Mwen." L fin di sa, Li te respire dènye souf Li.

Pa gen pi gran amou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.

Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo.

O cordeiro sem defeito

Cristo nos resgatou com seu sangue precioso, como cordeiro sem defeito. Ele se ofereceu uma vez por todas para tirar os pecados do mundo.

Epi konsa, konnen ke nou pa t rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak ki soti nan mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, men avèk san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm.

konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.

konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?

Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.

Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo, ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a selon Ekriti yo.

Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.

ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou bon zèv.

Nosso sacrifício em resposta

Movidos pelo amor de Cristo, somos chamados a oferecer nossas vidas, nossos bens e nosso serviço como sacrifício vivo. Deus se agrada da entrega generosa.

Pa kontinye ofri manm nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm nou a Bondye kòm enstriman ladwati.

Paske Nenpòt moun ki vle sove vi li va pèdi li, men sila a ki pèdi lavi li pou koz Mwen, se li ki va sove li.

Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;

ak premye pati nan tout prodwi ou,

SENYÈ a pito ladwati ak lajistis

plis pase sakrifis.

Men ale konprann kisa sa vle di: Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo."

Men mwen va sakrifis a Ou menm

ak vwa aksyon de gras la.

Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va akonpli.

Sali a sòti nan SENYÈ a."

Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?

Li t ap di: "Abba! Papa! Tout bagay posib pou Ou; retire tas sa a sou Mwen. Malgre pa kon Mwen vle a, men kon Ou vle a."

Men mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.

Seja o primeiro
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_12-11-46-