Sexo
A Bíblia trata a sexualidade como um presente de Deus para o contexto do casamento. As Escrituras celebram a intimidade conjugal e orientam sobre pureza e santidade sexual.
A sexualidade no plano de Deus
Desde a criação, Deus projetou a intimidade sexual como expressão de amor entre marido e mulher, abençoando a união conjugal.
Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. Bondye te beni yo; Li te di yo, "Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a".
"Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè."
Li te reponn yo: "Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’"
Kite fontèn dlo ou a rete beni,
e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.
Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,
kite tete li yo satisfè ou tout tan.
Rete debòde nèt ak lanmou li.
A santidade na intimidade
O leito conjugal é honroso. A Bíblia celebra a alegria da intimidade dentro do casamento e orienta o casal ao amor e respeito mútuo.
Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.
Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li. Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan.
Men si yo pa gen kontwòl pwòp tèt yo kite yo marye; paske li pi bon pou marye pase pou brile avèk pasyon.
Éske Li pa t fè nou youn sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa youn sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a.
Èske nou pa konnen ke kò nou se manb a Kris yo ye? Èske mwen dwe pran manb kò Kris yo e fè yo vin manb a yon pwostitiye? Ke sa pa janm fèt! Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: "Yo de a va devni yon sèl chè". Men sila a ki vin jwenn tèt li avèk Senyè a vin youn nan lespri avèk Li.
Pureza sexual
Deus nos chama à santificação e à fuga da imoralidade. O corpo do cristão é templo do Espírito Santo e deve ser tratado com honra.
Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l. Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.
Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,pa fè imoralite seksyèl, ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo;
Men ni imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo.
men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.
Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi.
Ou pa pou fè adiltè.
"‘Pinga okenn nan nou pwoche okenn fanmi de san nou pou dekouvri nidite li: Mwen se SENYÈ a.
"‘Nou pa pou dekouvri nidite papa nou, ni nidite a manman nou. Li se manman nou; nou pa pou dekouvri nidite li.
"‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm papa nou. Li se nidite a papa nou.
"‘Nidite a sè nou, oswa fi papa nou, oswa fi manman nou, kit li fèt nan kay la, kit li fèt deyò; nidite pa yo, nou pa pou dekouvri yo.
"‘Nidite fi a fis nou, oswa fi a fi nou; nidite yo, nou pa pou dekouvri yo; paske nidite pa yo se pa nou.
"‘Nidite a pitit fi madanm a papa nou, fèt pou papa nou, li se sè nou, nou pa pou dekouvri nidite li.
"‘Nou pa pou dekouvri nidite sè papa nou. Li se pwòp relasyon san papa nou.
"‘Nou pa pou dekouvri nidite sè manman nou, paske li se pwòp san manman nou.
"‘Nou pa pou dekouvri nidite frè papa nou. Nou pa pou pwoche madanm li. Li se matant nou.
"‘Nou pa pou dekouvri nidite bèlfi nou. Li se madanm a fis nou. Nou pa pou dekouvri nidite li.
"‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm frè nou. Li se nidite a frè nou.
"‘Nou pa pou dekouvri nidite a yon fanm avèk fi li. Ni nou pa pou pran fi a fis li, ni fi a fi li, pou dekouvri nidite li. Yo se relasyon san. Sa vrèman lèd.
"‘Nou pa pou marye yon fanm ansanm avèk sè li pou fè jalouzi pandan sè li toujou vivan an, pou dekouvri nidite li.
"‘Osi nou pa pou pwoche yon fanm pou dekouvri nidite li pandan règ li fè l pa pwòp.
"‘Nou pa pou fè zak seksyèl avèk madanm vwazen nou pou nou ta vin konwonpi ansanm avèk li.
"‘Nou pa pou bay okenn nan pitit nou yo pou ofri bay Moloc. Nou pa pou degrade non Bondye. Mwen se SENYÈ a.
"‘Nou pa pou kouche avèk yon gason jan yon moun ta kouche avèk yon fanm. Li se yon abominasyon.
"‘Osi, nou pa pou fè zak seksyèl avèk okenn bèt pou nou ta vin degrade avèk li. Ni okenn fanm pa pou kanpe devan yon bèt pou kwaze avèk li. Sa se yon pèvèsyon.
Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.
Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a.