Superação
Superar desafios, dificuldades e tentações faz parte da caminhada cristã. A Bíblia nos garante que, em Cristo, somos mais que vencedores em todas as circunstâncias.
Vitória em Cristo
Jesus já venceu o mundo. Nele temos coragem, paz e a certeza de que nenhuma adversidade poderá nos derrotar definitivamente.
"Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn."
"Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn."
Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an.
Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.
Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.
Paske nenpòt ki ne de Bondye ap venk lemonn an. Men viktwa ki venk lemonn an—-lafwa nou.
Paske se sa ki lamou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.
Paske nenpòt ki ne de Bondye ap venk lemonn an. Men viktwa ki venk lemonn an—-lafwa nou. Kilès sila ki venk lemonn an, sòf ke li ki kwè ke Jésus se Fis a Bondye a?
Kilès sila ki venk lemonn an, sòf ke li ki kwè ke Jésus se Fis a Bondye a?
Yo te venk li akoz san Jèn Mouton an e akoz pawòl temwayaj yo. Konsa, yo pa t renmen lavi yo, menm fas a lanmò.
Superando o mal com o bem
O cristão vence o mal não com violência, mas com o bem. O amor, a fé e a perseverança são as armas da superação.
Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.
Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote.
Men sila ke nou te padone a, mwen te padone li tou; paske anverite, sa ke m te padone a, si vrèman mwen te padone yon bagay, mwen te fè l pou koz nou nan prezans a Kris la pou Satan pa t kab vin pwofite de nou; paske nou pa inyoran de manèv li yo.
"Sila ki venkè a, Mwen va lèse l vin chita avè M sou twòn Mwen an, jan Mwen menm tou te vin venkè a, e te vin chita avèk Papa M sou twòn Li an.
"Sila ki venkè a, Mwen va lèse l vin chita avè M sou twòn Mwen an, jan Mwen menm tou te vin venkè a, e te vin chita avèk Papa M sou twòn Li an.
"Sila ki vin venkè a va abiye konsa, an vètman blan. Mwen p ap janm efase non li nan liv lavi a, e Mwen va konfese non li devan Papa M ak devan zanj Li yo.
Força e coragem divina
Deus é nosso escudo e fortaleza. Quando o medo tenta nos paralisar, a presença do Senhor nos fortalece e nos encoraja a prosseguir.
SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen.
Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se
defans lavi mwen.
Se kilès k ap fè m gen laperèz?
Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen,
glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.
Paske mwen p ap mete konfyans nan banza mwen,
ni se pa nepe m k ap sove mwen.
Men Ou te sove nou kont advèsè nou yo,
Epi Ou te fè tout sila ki rayi nou yo wont.
Nan Bondye, nou te louwe tout lajounen.
Nou va bay remèsiman a non Ou jis pou tout tan.
O SENYÈ, sove nou koulye a, nou sipliye Ou!
O SENYÈ, nou sipliye Ou, voye abondans!
Beni se sila ki vini nan non SENYÈ a!
Nou te beni Ou depi lakay SENYÈ a.
Nou wè, SENYÈ a, Bondye nou an, te mete peyi a devan nou. Monte ladann, posede li, jan SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te pale nou an. Pa pè, ni dekouraje.’"
paske se SENYÈ a, Bondye nou an, ki prale avèk nou, pou goumen pou nou kont lènmi nou yo, pou sove nou.’
Sila ki rete fèm nan panse li yo,
Ou va kenbe nan lapè pafè,
akoz li gen konfyans nan Ou.
Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
Ti moun yo, nou se a Bondye, epi te venk lespri sa ki fo, paske pi gran se Li ki nan nou, pase li ki nan lemonn an.
Ti moun yo, nou se a Bondye, epi te venk lespri sa ki fo, paske pi gran se Li ki nan nou, pase li ki nan lemonn an.
Resistindo a tentação
A armadura de Deus nos protege contra as investidas do mal. Resistir ao diabo, vigiar e orar são essenciais para a superação espiritual.
Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a. Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a.
Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.
"Fè fache, e malgre sa pa peche"; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a, epi pa bay Dyab la opòtinite.
Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.
Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.
Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo. Pa kite pèsòn di lè l tante: "Se Bondye k ap tante m," paske Bondye pa kapab tante pa mal, e Li menm, Li pa tante pèsòn. Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo. Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè peche a fin akonpli, li pote lanmò.
Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo.
Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon.
Perseverança até o fim
A corrida da fé exige perseverança. Devemos lançar fora todo peso e olhar para Jesus, o autor e consumador da nossa fé.
Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an,
Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.
Paske akoz ke Li menm te tante nan sa ke Li te soufri a, Li kapab vin ede sila ki tante yo.
Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.
Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm.
Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.
Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe?
Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.
Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
Men Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an.
Descanso e renovação
Jesus convida os cansados e sobrecarregados a descansar nele. Sua graça é suficiente para nos renovar em meio às tribulações.
"Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo.
Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: "Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,"
Paske anyen pa enposib avèk Bondye."
Li te di yo: "Poukisa nou ap dòmi? Leve e priye pou nou pa antre nan tantasyon."
Lè L te rive la, Li te di yo: "Priye pou nou pa antre nan tantasyon."
Veye byen, Mwen bannou otorite poumache sou sèpan avèk eskòpyon anba pye nou, sou tout pouvwa a lènmi an, e anyen p ap fè nou mal.
Kontinye veye e priye pou ou pa antre nan tantasyon. Lespri a dispoze, men chè la fèb."
Rejwi anpil, O fi a Sion an!
Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an!
Gade byen wa ou ap vini kote ou;
Li jis e Li gen Sali;
Li enb e Li monte sou yon bourik,
menm yon jenn pòtre,
pitit a yon bourik.
Men sila ki pratike peche se a dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman a. Fis a Bondye te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.
M ap ekri nou, ti moun yo, paske peche nou yo gen tan padonnen pou kòz a non Li. M ap ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman an. M ap ekri nou jenn nonm yo, paske nou te vin gen viktwa la sou sila ki mechan. Mwen te ekri nou ti moun yo, paske nou konnen Papa a. Mwen te ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman a. Mwen te ekri nou jenn nonm yo paske nou gen fòs, epi pawòl Bondye a reste nan nou, epi nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan.
Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt renmen lemonn, lamou Papa a pa reste nan li.
Èske nou pa konnen ke kò nou se manb a Kris yo ye? Èske mwen dwe pran manb kò Kris yo e fè yo vin manb a yon pwostitiye? Ke sa pa janm fèt! Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: "Yo de a va devni yon sèl chè". Men sila a ki vin jwenn tèt li avèk Senyè a vin youn nan lespri avèk Li. Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l. Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.
Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito.