Todo poderoso
Deus é Todo-Poderoso — onipotente, onisciente e onipresente. Nada está além do seu alcance, nada escapa ao seu conhecimento e nada foge ao seu controle soberano.
O poder soberano de Deus
O Senhor reina sobre todas as coisas. Desde a criação do universo até os detalhes da nossa vida, seu poder se manifesta de forma absoluta e inesgotável.
‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou,
"Gade byen, Mwen se SENYÈ a, Bondye a tout chè yo. Èske gen bagay twò difisil pou Mwen?
Gran se SENYÈ a, dign de lwanj.
Grandè Li pa kab fin sonde menm.
A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout .
Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs.
Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz.
Nada é impossível para Deus
Para Deus não há impossíveis. O que parece inalcançável aos nossos olhos é plenamente realizável nas mãos do Todo-Poderoso.
Paske anyen pa enposib avèk Bondye."
Li t ap di: "Abba! Papa! Tout bagay posib pou Ou; retire tas sa a sou Mwen. Malgre pa kon Mwen vle a, men kon Ou vle a."
SENYÈ a fè pòv ak rich.
Li abese e anplis, Li leve.
Se Li menm ki revele sekre pwofond yo.
Li fè parèt sa ki nan tenèb yo,
e se limyè a ki rete avè L.
O Rei eterno
Deus é o Rei eterno, imortal, invisível, único Deus sábio. Seu trono é desde a eternidade e seu reino não terá fim.
"Mwen se Alfa a e Omega a," di Senyè Bondye a: "Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an."
Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann;
lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.
O SENYÈ dezame yo, restore nou.
Fè figi Ou briye sou nou e nou va sove.
Refúgio no Todo-Poderoso
O poder de Deus é nosso abrigo. Em tempos de tempestade, podemos descansar na certeza de que Ele sustenta e protege os seus.
Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.
Mwen va di a SENYÈ a:
"Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.
Se nan Li mwen mete konfyans!"
Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen,
Men gade, O SENYÈ, Ou konnen tout li menm.
Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li.
Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.
Ti moun yo, nou se a Bondye, epi te venk lespri sa ki fo, paske pi gran se Li ki nan nou, pase li ki nan lemonn an.
Mwen va fè yo menm ak tout kote ki antoure kolin Mwen yo vin yon benediksyon. Epi Mwen va fè bèl lapli tonbe, e lapli sa a va yon lapli ki pote benediksyon.