Vida
A vida é um dom precioso de Deus. Desde a concepção até a eternidade, as Escrituras revelam o propósito, o valor e a plenitude da vida que o Senhor nos oferece.
Deus, o autor da vida
O Senhor é quem dá a vida e a sustenta. Cada ser humano foi formado por suas mãos com propósito e intenção divina.
Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.
Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.
Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.
Mwen va bay Ou anpil remèsiman,
paske mwen fèt yon fason mèvèye.
Zèv Ou yo depase bon konprann
e nanm mwen byen konnen sa.
Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,
e tise kon mèvèy etonnan nan fon tè a.
Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.
Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te
òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
Paske avèk Ou, se fontèn dlo lavi a.
Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.
Mwen va chante a SENYÈ a toutotan ke m ap viv.
Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.
A vida em Cristo
Jesus é o caminho, a verdade e a vida. Nele encontramos sentido, plenitude e a promessa de vida abundante e eterna.
Jésus te di li: "Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.
"Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi.
"Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.
Jésus te reponn Li: "Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri. E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?"
Jésus te di yo: "Mwen menm se pen lavi a. Moun ki vini kote Mwen p ap grangou, e sila ki kwè nan Mwen, p ap janm swaf.
Sila ki kwè nan Mwen, tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’"
Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.
Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.
Vivendo com sabedoria
A Bíblia nos orienta a viver com sabedoria, aproveitando bem o tempo, guardando o coração e buscando a vontade de Deus para cada dia.
Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo,
pou nou kab ofri Ou yon kè ki plen sajès.
Tande, fis mwen an, vin dakò ak pawòl mwen yo,
e lane lavi ou yo va vin byen long.
Veye sou kè ou ak tout dilijans;
paske de li, sous lavi yo koule.
Veye sou kè ou ak tout dilijans;
paske de li, sous lavi yo koule.
Sila ki twouve sajès renmen pwòp nanm li.
Sila ki kenbe ak bon konprann nan va jwenn sa ki bon.
Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li;
sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.
Sila ki swiv enstriksyon an, sou wout lavi;
men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt.
Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi,
pou moun ka evite pèlen lanmò yo.
Sila ki swiv ladwati ak fidelite a
jwenn lavi, ladwati ak lonè.
Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move.
A vida no dia a dia
Cada dia é uma oportunidade de glorificar a Deus. A Escritura nos chama a viver com propósito, confiança e fé prática.
Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;
enstwi m nan chemen Ou yo.
Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou
va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,
E mwen va viv lakay
SENYÈ a jis pou tout tan.
Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal.
Li va kenbe nanm ou.
Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre,
depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.
Paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen,
konsa, pou koz a non Ou, Ou va gide mwen.
Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a;
se li mwen va chache:
pou m ta kab rete lakay SENYÈ a
tout jou lavi m yo,
pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e
reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.
Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans;
Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,
Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.
Mwen p ap janm bliye òdonans Ou yo,
Paske se avèk yo menm ke Ou fè m reprann fòs.
Prioridades e eternidade
Jesus nos lembra que a vida é mais que comida e o corpo mais que roupa. O que importa é buscar o Reino de Deus e viver para a eternidade.
"Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?
"Epi kilès nan nou ki avèk enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras?
"Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tou lemonn men l pèdi nanm li?
Li te rele foul la avèk disip Li yo. Li te di yo: "Si yon moun vle swiv Mwen, fòk li renonse pwòp tèt li, pran kwa li, e swiv Mwen. Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, va pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li akoz Mwen ak levanjil la, ap sove li.
"Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tou lemonn men l pèdi nanm li? Paske kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm Li.
"Paske nenpòt moun ki wont de Mwen menm avèk pawòl Mwen, nan jenerasyon adiltè e konwonpi sila a, Fis a Lòm nan ap wont de li menm tou lè Li vini nan glwa a Papa Li avèk zanj sen yo."
Answit Li te di yo: "Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede."
"E sa se lavi etènèl, pou yo kapab konnen Ou, sèl vrè Dye a, ak Jésus Kri ke Ou voye a.
Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.
Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè.
Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a.
epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an. Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.
Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.
Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.
Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.
Paske:
"Sila ki dezire lavi a,
pou renmen e wè anpil jou ki bon,
dwe gade lang li kont sa ki mal
e lèv li kont bay manti.
Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;
kite li chache lapè e pouswiv li.
Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a!
Louwe SENYÈ a!
Gen yon lè apwente pou tout bagay. Epi gen yon tan pou chak sa ki rive anba syèl la—
Nan tout sa mwen kòmande nou jodi a pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo, epi pou kenbe kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ak jijman Li yo, pou nou kapab viv e miltipliye, e pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan peyi kote nou ap antre pou posede a.
Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan,
oswa akoz gwo fòs, katre-ventan.
Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès.
Paske byen vit li prale, e nou vole ale.
SENYÈ, fè m konnen longè a jou mwen yo.
Fè m konnen ke m fèb anpil.
Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole
tankou lajè a men m ki louvri.
Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou.
Anverite, lavi chak moun, se yon sèl grenn souf.
Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj.
Anverite, yo fè gwo zen pou ryen.
Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.
Se ki moun ki dezire lavi, e renmen
jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?
Kenbe lang ou apa de sa ki mal,
e lèv ou pou pa bay manti.
Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.
Chache lapè e fè efò pou twouve li.
Yon tèt blanch se yon kouwòn laglwa;
li jwenn nan chemen ladwati a.
Tankou nan dlo, figi reflete figi,
konsa kè a yon nonm reflete lentansyon l.