Vitória
A vitória do cristão não depende de suas próprias forças, mas do poder de Deus que opera em nós. As Escrituras declaram que somos mais que vencedores por meio daquele que nos amou.
A vitória vem de Deus
O Senhor luta por nós. Quando confiamos nele, nenhuma arma forjada contra nós prosperará e nenhum inimigo prevalecerá.
paske se SENYÈ a, Bondye nou an, ki prale avèk nou, pou goumen pou nou kont lènmi nou yo, pou sove nou.’
SENYÈ a te di a Josué: "Pa pè yo, paske Mwen te mete yo nan men ou. Pa menm youn nan yo va kanpe devan ou."
Cheval la prepare pou jou batay la;
men viktwa a se nan men SENYÈ a.
Konsa, se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a,
ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo,
men se men dwat Ou avèk bra Ou,
ak limyè prezans Ou an,
akoz Ou te bay yo favè.
Se Ou menm ki Wa m, O Bondye.
Òdone viktwa pou Jacob.
Mais que vencedores
Em todas as circunstâncias, a fé nos dá a vitória. O mundo tenta nos derrubar, mas Cristo já venceu o mundo e nos faz triunfar.
Paske nenpòt ki ne de Bondye ap venk lemonn an. Men viktwa ki venk lemonn an—-lafwa nou.
Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.
Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou?
"O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?"
Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.
Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.
Força para a batalha
Deus nos reveste com sua armadura espiritual, nos fortalece e nos encoraja. Mesmo que o justo caia sete vezes, ele se levanta.
Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm.
paske yon nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò,
men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.
Avèk Bondye, nou va fè zèv vanyan.
Se Li menm ki va foule advèsè nou yo anba pye L.
Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou,
ak di mil sou men agoch ou,
men sa p ap pwoche ou.
Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.