Publicidade

Vitória

Por Bíblia Online –

A vitória do cristão não depende de suas próprias forças, mas do poder de Deus que opera em nós. As Escrituras declaram que somos mais que vencedores por meio daquele que nos amou.

A vitória vem de Deus

O Senhor luta por nós. Quando confiamos nele, nenhuma arma forjada contra nós prosperará e nenhum inimigo prevalecerá.

4 Seyè a, Bondye nou an, ap mache avèk nou. L'a goumen pou nou kont lènmi nou yo pou l' fè nou genyen batay la.

8 Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè yo. M'ap lage yo tout nan men ou. Pa gen yonn ladan yo ki ka kenbe tèt avè ou.

31 Moun pare chwal pou y' al fè lagè, men se Seyè a k'ap deside kilès k'ap genyen batay la.

3 (44:4) Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.4 (44:5) Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Fè pitit Jakòb yo jwenn delivrans.

Mais que vencedores

Em todas as circunstâncias, a fé nos dá a vitória. O mundo tenta nos derrubar, mas Cristo já venceu o mundo e nos faz triunfar.

4 Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè gengen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye.

37 Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.38 Paske, mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita,39 ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an.

31 Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?

55 Lanmò! Kote batay ou genyen an? Lanmò! Kote pouvwa ou te gen pou fè nou lapenn lan?56 Se peche ki bay lanmò pouvwa pou fè nou lapenn. Se lalwa a ki bay peche a tout fòs li.57 Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Seyè nou an!

Força para a batalha

Deus nos reveste com sua armadura espiritual, nos fortalece e nos encoraja. Mesmo que o justo caia sete vezes, ele se levanta.

13 Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.

16 Paske, moun k'ap mache dwat yo te mèt tonbe sèt fwa. Pa pè, y'ap toujou leve ankò. Men, nan mechanste yo, mechan yo ap tonbe, yo p'ap ka leve ankò.

13 (108:14) Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.

7 Mil (1.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil (10.000) sou bò dwat ou, anyen p'ap rive ou.

13 Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.

Publicidade