A volta de Jesus
A volta de Jesus é uma das maiores promessas da Bíblia. Cristo prometeu que retornará em glória, e os cristãos vivem na expectativa desse dia triunfante.
A promessa do retorno
Jesus prometeu aos discípulos que voltaria. Os anjos confirmaram essa promessa na ascensão, e os apóstolos ensinaram que Ele virá com poder.
"Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou.
Lè Li te fin di bagay sa yo Li te vin leve anlè pandan yo t ap gade, e yon nyaj te resevwa L. Li te vin disparèt jiskaske yo pa t wè Li.
Pandan yo t ap toujou gade byen fikse nan syèl la, pandan Li t ap prale, epi vwala de mesye ak vètman blan te kanpe akote L; E yo menm osi te di: "Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va vini menm jan ke nou wè L ale nan syèl la".
Sila ki temwaye a bagay sa yo di: "Wi, Mwen ap vini vit."
Amen. Vini, Senyè Jésus.
"Gade byen, Mwen ap vini vit! Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè.
Os sinais e o momento
Ninguém sabe o dia nem a hora. Jesus alertou sobre falsos sinais e nos chamou à vigilância constante, pois Ele virá como ladrão na noite.
Men konsènan jou sa a, avèk lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a.
"Paske vini a Fis a Lòm nan va menm jan avèk jou a Noé yo. Paske menm jan ke jou yo te ye avan gwo delij la, yo t ap manje e bwè; yo t ap marye, e t ap bay moun nan maryaj, jouk jou ke Noé te antre nan lach la. Epi yo pa t konprann jiskaske delij la te vini e pote yo tout ale; konsa l ap ye avèk vini a Fis a Lòm nan.
"Men de jou sa a, oubyen lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj ki nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a.
Alò, konsènan tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen. Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. Pandan y ap di "Lapè ak sekirite", alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.
"Pou sa, men konnen byen yon bagay; si mèt kay la te konnen a kilè nan nwit lan vòlè a t ap parèt, li t ap veye plis, e pa t ap kite kay la kase. Pou rezon sa a, fòk nou menm, nou byen prepare tou. Paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa sipoze.
Alò, nou mande nou, frè nou yo, konsènan vini a Senyè nou an, Jésus Kri, ak reyinyon nou ansanm avèk Li a, pou nou pa pèdi bon sans ak ekilib nou twò vit pa ni yon lespri, ni yon mesaj, ni yon lèt, kòmsi y ap di sòti nan nou menm, ak efè ke jou Senyè a gen tan rive deja.
Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e nonm peche a, fis a pèdisyon an, ta vin parèt. Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e prezante tèt li kòm Bondye.
A glória da segunda vinda
Cristo voltará nas nuvens, com poder e grande glória. Os mortos em Cristo ressuscitarão, e os vivos serão arrebatados para encontrá-lo nos ares.
Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
"Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sila yo, solèy la ap vin nwa fonse, e lalin nan p ap bay limyè. Epi zetwal yo va ap tonbe soti nan syèl la, e pouvwa ki nan syèl yo va sekwe nèt.
"Nan lè sa a yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan nyaj yo avèk gwo pouvwa avèk glwa. Li va voye zanj Li yo, e yo va ranmase tout eli Li yo, soti nan kat van yo, jis rive nan pwent tè ki pi lwen an, jouk nan pwent syèl ki pi lwen an.
"Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a. Tout nasyon yo va rasanble devan Li. E Li va separe yo youn de lòt, kon yon gadyen patiraj separe mouton avèk kabrit. Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.
Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.
Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm. Li abiye avèk yon vètman ki tranpe nan san. Non Li rele a, se "Pawòl Bondye a".
Lame ki nan syèl yo, ki abiye an lèn fen blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.
Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an. Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: "WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ."
"Paske Nenpòt moun ki wont Mwen, ak pawòl Mwen yo, a li menm, Fis a Lòm nan va wont lè Li vini nan glwa Li, ak glwa a Papa a, e glwa a zanj sen yo.
Vivendo na expectativa
A certeza do retorno de Cristo nos chama a viver em santidade, aguardando novos céus e nova terra onde habita a justiça.
Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou mil ane, e mil ane se tankou yon jou. Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.
Men jou a Senyè a va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.
Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl? Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a! Men selon pwomès Li, n ap chache syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.
Epi konsa, jan sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa jijman an vini an, konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.