1 Paul, aple kon apot Jésus Kri pa volonte Bondye a, ak Sosthène, frè nou, 2 A legliz Bondye ki nan vil Corinthe lan, a sila ki gen tan sanktifye nan Jésus Kri yo, sen 1:2 Wo 1:7pa apèl Bondye yo, avèk tout sila yo nan tout kote ki rele non Senyè nou an, Jésus Kri; Senyè pa yo e pa nou. 3 1:3 Wo 1:7Gras de nou e lapè Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri.
4 1:4 Wo 1:8 Mwen remèsye Bondye mwen an tout tan, o sijè de nou menm, pou lagras Bondye te bannou nan Jésus Kri a. 5 Ke nan tout bagay nou te anrichi nan Li, nan tout pawòl ak tout konesans, 6 menm pandan temwayaj konsènan Kris la te 1:6 Wo 15:14konfime nan nou, 7 jis pou nou pa manke nan okenn don, e 1:7 Luc 17:30tann avèk enpasyans revelasyon a Senyè nou an, Jésus Kri, 8 1:8 Wo 8:19ki va osi konfime nou jiska lafen, san defo nan jou Senyè nou an, Jésus Kri. 9 1:9 Det 7:9Bondye fidèl, selon Sila nou te rele nan amitye fratènèl avèk Fis Li a, Jésus Kri, Senyè nou an.
10 Koulye a, mwen egzòte nou, frè yo, pa non a Senyè nou an, Jésus Kri, pou nou tout vin antann nou, pou pa gen 1:10 I Kor 11:18divizyon pami nou, men pou nou vin konplè nan 1:10 Wo 12:16menm panse ak nan menm jijman. 11 Paske mwen enfòme o sijè de nou menm, frè m yo, pa moun Chloé yo, ke gen konfli pami nou. 12 Alò, men kisa m ap di. 1:12 I Kor 3:4Nou chak ap di: "Mwen se moun Paul", "Mwen se moun 1:12 Trav 18:24Apollos", "Mwen se moun Céphas", e "Mwen se moun Kris la". 13 Èske Kris la vin divize? Èske Paul te krisifye pou nou? Oswa èske nou te vin 1:13 Mat 28:19batize nan non Paul? 14 Mwen remèsye Bondye ke m pa t 1:14 Trav 18:18batize okenn nan nou sof ke Crispus ak Gaïus, 15 pou okenn moun pa ka di ke nou te batize nan non mwen. 16 Alò, mwen te batize tout 1:16 I Kor 16:15,17fanmi Stéphanas la; anplis de sa, mwen pa konnen si m te batize okenn lòt moun. 17 1:17 Jn 4:2Paske Kris pa t voye m pou batize, men pou preche bòn nouvèl la 1:17 I Kor 2:1,4,13pa avèk bèl pawòl moun save yo, pou ke kwa Kris la pa ta vin anile. 18 Paske pawòl lakwa a se foli pou 1:18 II Kor 2:15sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye. 19 Paske sa ekri:
1:19 És 29:14 "Mwen va detwi sajès a saj yo,
e entèlijans moun save yo,
mwen va mete sou kote."
20 Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a 1:20 Job 12:17laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli? 21 Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak 1:21 I Kor 1:27sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo. 22 Paske anverite 1:22 Mat 12:18Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès; 23 men nou preche 1:23 I Kor 2:2Kris krisifye a, pou 1:23 I Pi 2:8Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli. 24 Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se 1:24 I Kor 1:18pwisans a Bondye, ak 1:24 I Kor 1:30sajès Bondye. 25 Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e 1:25 II Kor 13:4feblès Bondye a pi fò ke lòm.
26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke 1:26 Mat 11:25pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi 1:27 I Kor 1:20foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti. 28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, 1:28 Wo 4:7bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, 29 pou fè 1:29 Ef 2:9pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye. 30 Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou 1:30 I Kor 1:24sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak 1:30 Jr 23:5jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon. 31 Konsa, jan sa ekri a: "Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a."