1 Alò, konsènan 12:1 I Kor 12:4don Lespri Sen yo, frè m yo, mwen pa vle nou enkonsyan de yo. 2 12:2 I Kor 6:11Nou konnen ke lè nou te payen, nou te 12:2 I Tes 1:9mennen egare kote zidòl ki pa t kapab pale yo, nenpòt jan yo ta ka mennen nou. 3 Konsa, mwen fè nou konnen ke pa gen pèsòn k ap pale pa Lespri Bondye a ki di: "Jésus madichonnen". Ni pèsòn p ap ka di: "Jésus se Senyè a", eksepte 12:3 Mat 22:43 pa Lespri Sen an.
4 Alò, gen 12:4 Wo 12:6plizyè kalitie don, men se menm Lespri a. 5 Gen plizyè kalite ministè, e menm Senyè a. 6 Gen plizyè kalite fonksyon, men menm 12:6 I Kor 15:28Bondye a ki fè tout bagay fonksyone nan tout moun. 7 Men chak kwayan resevwa 12:7 I Kor 12:12-30don Lespri a, pou lavantaj a tout moun.