Publicidade

1 Coríntios 13

1 Si mwen pale avèk 13:1 I Kor 12:10lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap gwo bwi oubyen yon 13:1 Sòm 150:5senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout 13:2 I Kor 12:10,28,30; I Kor 13:2mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen 13:3 Mat 6:2bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen 13:3 Dan 3:28livre m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

4 Lanmou 13:4 Pwov 10:12pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa kòlè 13:5 II Kor 5:19pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men 13:6 II Jn 4rejwi nan verite a. 7 Li 13:7 I Kor 9:12sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don 13:8 I Kor 13:2pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don 13:8 I Kor 13:1lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile. 9 Paske nou 13:9 I Kor 8:2konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati; 10 men sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt. 11 m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo. 12 Paske koulye a nou twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va 13:12 Jen 32:30fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an. 13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se 13:13 Gal 5:6lanmou.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_12-11-46-