Pular para o conteúdo
Publicidade

1 Korentyen Yo 16

1 Koulye a konsènan 16:1 Trav 24:17ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou. 2 Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn 16:2 II Kor 9:4ofrann pa fèt lè m vini. 3 Konsa, lè m rive 16:3 II Kor 3:1nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem; 4 epi si li nesesè pou m ale tou, yo va ale avè m.

5 Men mwen va vini a nou menm apre mwen pase Macédoine, paske 16:5 Trav 19:21m ap pase Macédoine. 6 Petèt mwen va rete avèk nou, oswa menm pase sezon livè a, pou nou kapab 16:6 Trav 15:3voye m ale nenpòt kote ke m ta kab ale. 7 Paske mwen pa vle wè nou koulye a 16:7 II Kor 1:15sèlman an pasan; paske mwen espere rete avèk nou pou kèk tan si Dye vle. 8 Men mwen va rete 16:8 Trav 18:19Éphèse jiska fèt pannkot la; 9 Paske yon 16:9 Trav 14:27pòt byen laj e efikas vin louvri a mwen menm, e gen anpil advèsè.

10 Alò, si 16:10 I Kor 4:17Timothée vini, fè si ke li avèk nou san koz pou pè; paske l ap fè 16:10 I Kor 15:58travay a Bondye a, menm jan mwen ap fè l la. 11 Donk, pa kite pèsòn meprize li. Men voye l al fè wout li 16:11 Trav 15:33anpè, pou li kapab vin jwenn mwen; paske m ap tann li avèk frè yo.

12 Men konsènan 16:12 Trav 18:24Apollos, frè nou an, mwen te ankouraje li anpil pou li vin jwenn nou avèk frè yo. Li pa t vle vini koulye a, men li va vini lè li gen opòtinite. 13 16:13 Mat 24:42Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm. 14 Ke tout sa ke nou fè, fèt 16:14 I Kor 14:1ak lanmou.

15 Alò, mwen ankouraje nou, frè m yo (nou konnen 16:15 I Kor 1:16lakay Stéphanas, ke yo te premye fwi nan Achaïe e ke yo te bay tèt yo pou 16:15 Wo 15:31ministè a sen yo). 16 Pou 16:16 I Tes 5:12nou osi vin soumèt a kalite moun sa yo e a tout moun ki ede nan zèv ak travay la. 17 Mwen rejwi de rive a Stéphanas ak Fortunatus ak Achaïcus paske yo te founi 16:17 II Kor 11:9sa ki te manke nan pati a nou menm. 18 Paske yo te renouvle lespri mwen ak lespri pa nou osi. Donk 16:18 Fil 2:29se pou nou rekonèt moun tankou sa yo.

19 Legliz Asie yo salye nou. 16:19 Trav 18:2Aquilas avèk Priscille salye nou avèk tout kè yo nan Senyè a, avèk 16:19 Wo 16:5legliz ki lakay yo a. 20 Tout frè yo salye nou. 16:20 Wo 16:16Salye youn lòt avèk yon bo ki sen.

21 Salitasyon de 16:21 Wo 16:22pwòp men pa m——. 22 Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). 16:22 Fil 4:5Vin non, Senyè nou an! 23 16:23 Wo 16:20Ke gras Senyè a Jésus avèk nou. 24 Ke lanmou mwen avèk nou tout nan Jésus Kri. Amen.

Pessoa
G3972
Paulo
ΠαῦλοςPau͂los
Paulo, também chamado Saulo, foi apóstolo de Cristo Jesus e, com Barnabé, voltou-se para os gentios. Antes, devastava a igreja e lançava homens e mulheres na prisão, até ouvir uma voz e ser levado sem enxergar até Damasco (Atos 13:46).
Significado: “Pequeno, humilde”
Ver página completa
Todos os capítulos de 1 Korentyen Yo 16
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.