Publicidade

1 Coríntios 3

1 Epi mwen, frè m yo, mwen pa t kab pale avèk nou menm tankou moun ki 3:1 I Kor 2:6plen lespri Bondye, men tankou moun lachè yo, tankou ti zanfan piti nan Kris yo. 2 Mwen te bannou 3:2 Eb 5:12lèt pou nou bwè olye gwo manje; paske nou potko kab resevwa l. Anverite, menm koulye a, nou poko kapab, 3 pwiske nou toujou nan lachè. Paske akoz 3:3 Wo 13:13gen jalouzi ak konfli pami nou, èske nou pa nan lachè, epi èske nou p ap mache tankou lòm natirèl? 4 Paske 3:4 I Kor 1:12youn di: "Mwen se moun Paul", epi yon lòt: "Mwen se moun Appollos", èske nou p ap aji kòmsi se lòm natirèl ke nou ye?

5 Alò, ki moun Apollos ye? E ki moun Paul ye? Se sèvitè pa sila nou te vin kwè yo, menm 3:5 Wo 12:6jan Senyè a te bay opòtinite a yo chak. 6 Mwen te plante, Appollos te awoze, men Bondye te l grandi. 7 Alò, se pa ni sila ki plante a ni sila ki awoze a ki anyen, men 3:7 I Kwo 15:10Bondye ki l grandi a. 8 Alò, sila ki plante a ak sila ki awoze a se youn; men chak moun va 3:8 I Kor 3:14resevwa pwòp rekonpans li selon pwòp travay li. 9 Paske nou se 3:9 Mc 16:20ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.

10 Selon 3:10 Wo 12:3gras Bondye ki te ban mwen an, kon yon mèt k ap bati byen saj, mwen te poze yon fondasyon. Men konsa, se yon lòt k ap bati sou li. Konsa, fòk chak moun pridan sou jan li bati sou li a. 11 Paske pèsòn pa kapab poze okenn lòt 3:11 És 28:16fondasyon sof ke sila ki poze deja a, ki se Jésus Kri. 12 Alò, si nenpòt moun bati sou fondasyon an avèk , ajan, bijou presye, bwa, zèb sèch, oswa pay, 13 3:13 I Kwo 4:5zèv a chak moun va vin byen parèt. Paske lajounen va l vin parèt klè, akoz sa gen pou revele avèk dife. Epi dife a, li menm, va prèv valè zèv chak moun. 14 Si zèv a yon moun ki bati sou li a rete toujou, li va 3:14 I Kor 3:8resevwa yon rekonpans. 15 Si zèv a yon moun vin brile, li va soufri pèt, men li menm, li va sove 3:15 Job 23:10kòmsi, se pa dife.

16 Èske nou pa konnen ke 3:16 Wo 8:9nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou? 17 Si yon moun detwi tanp Bondye a, Bondye va detwi li, paske tanp Bondye a sen, e se sa nou ye.

18 Pa kite pèsòn twonpe tèt li 3:18 I Kor 8:2si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.

19 Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: 3:19 Job 5:13"Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo." 20 Epi ankò: 3:20 Sòm 94:11"Senyè a konnen panse a saj yo, ke yo initil." 21 Donk, pa kite pèsòn vante tèt li pou moun. Paske 3:21 Wo 8:32tout bagay se pou nou menm, 22 3:22 I Kor 1:12sof ke se Paul, oswa Appollos, oswa Céphas, o lemonn, o 3:22 Wo 8:38lavi, o lanmò, bagay prezan yo, oswa bagay ki gen pou vini yo; tout apatyen de nou menm. 23 Epi 3:23 II Kwo 10:7nou apatyen a Kris; e 3:23 I Kwo 11:3Kris apatyen a Bondye.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-04_21-26-40-