2 4:2 Wo 6:2pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.
3 Paske 4:3 I Kor 12:2tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.
4 Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo 4:4 Ef 5:18dejenere konsa a, e yo 4:4 I Pi 3:16pale mal sou nou. 5 Men yo va rann kont a Sila ki prèt pou jije 4:5 Trav 10:42vivan ak mò yo a.
6 Paske 4:6 I Pi 3:18pou rezon sa a, levanjil la preche menm a sila ki mouri yo, pouke, malgre, yo jije nan lachè kòm lòm, yo ta kapab viv nan lespri selon volonte a Bondye a.
7 4:7 Wo 13:11 Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye.