Publicidade

1 Timóteo 6

1 Tout sila ki 6:1 Ef 6:5anba jouk esklavaj yo dwe gade pwòp mèt yo kòm moun ki dign de tout onè pou pèsòn pa kapab pale mal kont non a Bondye e ak doktrin nou an. 2 Sila ki gen kwayan kòm mèt yo pa dwe derespekte yo paske yo se 6:2 Gal 3:28frè yo, men dwe sèvi yo plis toujou, paske sila ki pataje benefis yo se kwayan e byeneme. Enstwi e preche prensip sa yo.

3 Si yon moun 6:3 Tit 1:3ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a, 4 li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e kont pou mo 6:4 Trav 18:15ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal, 5 diskisyon san rete antre6:5 II Tim 3:8moun ak panse konwonpi e san verite, ki 6:5 II Pi 2:3sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou pwofi.

6 Men vi sentete a vrèman gen 6:6 Luc 12:15-21anpil pwofi l akonpanye ak kontantman. 7 Paske 6:7 Job 1:21nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.

8 Si nou 6:8 Pwov 30:8genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.

9 6:9 Pwov 15:27 Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10 Paske 6:10 Kol 3:5lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan 6:10 Jc 5:19vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.

11 Men 6:11 II Tim 2:22kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès. 12 6:12 I Tim 1:18Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo. 13 6:13 I Tim 5:21Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te 6:13 II Kor 9:13temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la, 14 pou ou kenbe kòmandman an san tach oubyen repwòch, jiska 6:14 II Tes 2:8aparisyon Senyè nou an, Jésus Kri. 15 Li va rive nan 6:15 I Tim 2:6tan konvenab liSila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo. 16 6:16 I Tim 1:17Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm oubyen pa kab a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

17 Enstwi sila ki 6:17 Mat 12:32rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye 6:17 Trav 14:17ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou nou kontan. 18 Enstwi yo pou sa ki bon, pou vin rich nan 6:18 I Tim 5:10bon zèv, pou 6:18 Wo 12:18renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou 6:19 Mat 6:20ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab 6:19 I Tim 6:12kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.

20 O Timothée, gade byen 6:20 II Tim 1:12,14sa ki konfye a ou menm nan, e 6:20 II Tim 2:16evite pale pawòl mond lan, pawòl vid e san sans, ak tout diskou fo pawòl yo rele "konesans" lan, 21 ke kèk moun te pwofese, e konsa yo te vin 6:21 II Tim 2:18egare kite lafwa.

Ke lagras avèk nou. Amen.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_12-11-46-