13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen 4:13 Ef 2:12okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, 4:14 Wo 14:9menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.
15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou 4:15 I Kor 15:52nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska 4:15 I Tes 2:19vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.
16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk 4:16 Mat 24:31twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi 4:17 I Kor 15:52nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.