3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,4:3 I Kor 6:18pa fè imoralite seksyèl, 4 ke 4:4 I Kwo 7:2,9chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, 5 pa nan 4:5 Wo 1:26pasyon lanvi lachè, tankou payen ki 4:5 Gal 4:8pa konnen Bondye yo; 6 epi pou pèsòn pa transgrese e 4:6 I Kor 6:8vòlè frè l nan bagay sila, paske 4:6 Wo 12:19Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.
7 Paske Bondye pa t rele nou 4:7 I Tes 2:3pou fè salte, men nan sanktifikasyon.