8 Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou 3:8 Sòm 90:4mil ane, e mil ane se tankou yon jou. 9 3:9 Hab 2:3Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li 3:9 I Tim 2:4pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.
10 Men 3:10 I Kor 1:8jou a Senyè a 3:10 I Tes 5:2va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.
11 Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl? 12 Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè 3:12 II Pi 3:7,10syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a! 13 Men selon 3:13 És 65:17pwomès Li, n ap chache 3:13 Wo 8:21syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.