Pular para o conteúdo
Publicidade

Travay 12:5-12

5 Yo te kenbe Pierre nan prizon an, men legliz Bondye a t ap priye fò pou li.

6 Nan menm nwit lan lè Hérode te prèt pou mennen l devan l, Pierre t ap dòmi antre de sòlda. Li te 12:6 Trav 21:33byen anchene avèk de chenn, e jandam yo devan pòt la t ap veye prizon an.

7 Epi vwala 12:7 Trav 5:19yon zanj Senyè a 12:7 Luc 2:9te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: "Leve vit!"

Konsa, chenn yo te tonbe kite men l.

8 Zanj lan te di l: "Mare senti ou e mete sapat ou". Li te fè sa, epi li te di li: "Vlope ou ak manto a e swiv mwen."

9 Konsa, li te ale deyò e te kontinye swiv li. Li pa t fin konnen si sa ki t ap fèt pa zanj lan te vrè, men te sipoze ke se te 12:9 Trav 9:10yon vizyon ke li t ap fè. 10 Lè yo te fin pase premye ak dezyèm gad yo, yo te rive a yon pòtay an fè ki te mennen nan lantre vil la. Li te 12:10 Trav 5:19ouvri pou yo pou kont li. Yo te pase ale deyò, e te desann nan yon ri. Imedyatman zanj lan te kite li.

11 Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: "Koulye a mwen konnen san dout ke 12:11 Dan 3:28Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann."

12 Lè li te fin konprann sa, li te ale lakay Marie, manman a 12:12 Trav 12:25Jean ki osi te rele Marc. La, anpil moun te reyini ansanm e t ap priye.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.