10 Lè li te wè vizyon an, imedyatman nou te 16:10 Trav 16:10-17chache ale Macédoine, byen konprann ke Bondye te rele nou pou preche levanjil la a yo menm.
11 Donk, nou te pran vwal sou lanmè soti 16:11 Trav 16:8Troas. Nou te kouri tou dwat pou Samothrace, e nan jou swivan an, pou Néapolis. 12 Nou te kite la pou 16:12 Trav 20:6Philippes, yon vil prensipal nan distri Macédoine nan, yon koloni Women.Nou te rete nan vil sa pandan kèk jou.
13 Nan 16:13 Trav 13:14jou Saba a, nou te ale deyò pòtay la bò kote yon rivyè kote nou te sipoze ta genyen yon kote pou lapriyè. Nou te chita e te kòmanse pale ak fanm ki te vin rasanble la yo.
14 Yon sèten fanm yo te rele Lydie, ki te sòti nan vil Thyatire, yon machann twal mov, yon 16:14 Trav 18:7adoratris Bondye, te tande nou. Senyè a te 16:14 Luc 24:45louvri kè l pou reponn a bagay ke Paul t ap pale yo. 15 Lè li menm ak 16:15 Trav 11:4tout lakay li te batize, li te ankouraje nou e te di: "Si nou jije mwen fidèl a Senyè a, vin lakay mwen pou rete." E li te konvenk nou de sa.
16 Li te vin rive ke pandan nou t ap ale nan plas lapriyè a, te gen yon sèten jenn fanm-esklav avèk yon 16:16 Lev 19:31Lespri divinasyon. Li te konn fè anpil kòb pou mèt li yo akoz ke li te konn pale moun davans sa ki t ap rive yo. 17 Li te swiv Paul avèk nou menm, e li t ap kriye fò san sès, e t ap di: "Mesye sa yo se sèvitè yo a 16:17 Mc 5:7Bondye Trè Wo a, k ap pwoklame a nou menm, youn chemen sali a."