16 Li te vin rive ke pandan nou t ap ale nan plas lapriyè a, te gen yon sèten jenn fanm-esklav avèk yon 16:16 Lev 19:31Lespri divinasyon. Li te konn fè anpil kòb pou mèt li yo akoz ke li te konn pale moun davans sa ki t ap rive yo. 17 Li te swiv Paul avèk nou menm, e li t ap kriye fò san sès, e t ap di: "Mesye sa yo se sèvitè yo a 16:17 Mc 5:7Bondye Trè Wo a, k ap pwoklame a nou menm, youn chemen sali a." 18 Li te kontinye ap fè sa pandan anpil jou.
Men Paul te vrèman enève. Li te vire e te di a Lespri a: "Mwen kòmande ou 16:18 Luc 10:17nan non Jésus Kri a pou sòti nan li!" E lespri a te sòti de li nan menm moman an.