Pular para o conteúdo
Publicidade

Atos 16

25 Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e 16:25 Ef 5:19chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.

26 Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman 16:26 Trav 12:10tout pòt prizon an te vin louvri, e 16:26 Trav 12:7chèn tout moun te vin detache.

27 16:27 Trav 16:23,36 Jandam prizon an te leve nan dòmi, e l te tout pòt yo te vin ouvri, li te rale nepe 16:27 Trav 12:19pou touye tèt li, paske li te sipoze ke prizonye yo te chape.

28 Men Paul te kriye ak yon vwa pou di l: "Pa tèt ou mal! Nou tout la!"

29 Jandam nan te rele pou limyè, e te kouri antre ap tranble avèk laperèz. Konsa, li te tonbe devan 16:29 Trav 16:19Paul ak Silas, 30 te mennen yo deyò, e li te mande yo: "Mesye yo 16:30 Trav 2:37kisa mwen dwe pou m ta sove?"

31 Yo te reponn: "Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk 16:31 Trav 11:14lakay ou." 32 Yo te pale li pawòl Senyè a, ansanm ak tout sila ki te lakay li yo.

33 Li te pran yo 16:33 Trav 16:25nan menm nwit sa a, li te lave blesi yo, e imedyatman, li te batize, li menm avèk tout lakay li. 34 Li te mennen yo lakay li e te mete manje devan yo. Li te rejwi anpil, akoz li te kwè nan Bondye avèk 16:34 Trav 11:14tout lakay li.

Veja também